Kijan pou ou chèche azil

Si ou gen laperèz pou ou retounen nan peyi w oubyen nan peyi ou t ap viv anvan an akòz vyolans, pèsekisyon oswa lagè, oubyen ou menase pou w ta viktim yon domaj grav nan peyi sa, ou ka aplike pou azil.  

Atansyon! Ou ka chèche azil sèlman nan peyi ou ladan an.

Kilès ki se yon refijye? 

Yo konsidere yon moun kòm refijye si li ranpli kondisyon sila yo:

  • Li andeyò peyi orijin li/kote li gen nasyonalite a; EPI
  • Li gen yon rezon ki byen fonde pou yo ta pèsekite li akoz de ras li, relijyon li, nasyonalite li, apatenans li ak yon gwoup sosyal patikilye oswa opinyon politik li; EPI
  • Akoz li pè pèsekisyon, li vin pa kapab oswa pa vle benefisye de pwoteksyon peyi li.

Yon moun konsidere kòm refijye sèlman aprè yon Gouvènman oswa UNHCR trete aplikasyon li a e ba li yon papye ki rekonèt estati sila a.

Kilès ki se yon demandè azil?

  • Yon demandè azil se yon moun ki te aplike pou estati refijye men ki poko resevwa yon desizyon ki pou di si yo rekonèt li kòm yon refijye.

Se pa tout demandè dazil yo pral rekonèt kòm yon refijye, men tout refijye te yon demandè dazil anvan sa.

Sou okenn pretèks otorite aewopò yo ak fwontyè yo pa gen dwa refoule yon demandè dazil. Jiskaske demand azil la fin trete, demandè dazil la gen dwa pou li rete nan peyi a pandan y ap trete li byen, epi yo pa ka voye l tounen nan yon peyi kote genyen menas grav sou lavi li.

Anrejistre ak Gouvènman an oswa UNHCR pa fè yo rekonèt ou otomatikman kòm yon refijye, sa pa vle di nonplis ke yo pral re-enstale w nan yon lòt peyi.

⬇️ Tanpri chwazi anba a peyi oswa tèritwa ou ladan kounya a, pou ou ka wè kijan pou w aplike pou estati refijye ⬇️

Lòt peyi ak tèritwa nan Karayib la yo kouvri pa diferan biwo:  

Tanpri vizite prensipal Sit sipò pou enfomasyon ki disponib pou refijye yo, demandè dazil yo ak sila ki pa moun okenn peyi yo nan lòt kote yo.


Enfòmasyon ki lye