Dwa ak Devwa yo

Ki dwa demandè dazil yo ak refijye yo genyen?

  •  Aksè a tèritwa peyi azil la
  •  Pwoteksyon kont retou fòse nan peyi orijin yo
  •  Aksè pou soumèt yon demand azil
  • Yon dokiman idantifikasyon ki fèt pou demandè dazil/refijye
  • Pou yo poze yo kesyon nan yon lang yo konprann
  • Konfidansyalite ak pwoteksyon done pèsonèl
  • Tretman san diskriminasyon
  • Yon pwosedi san yo pa bezwen peye anyen

Ki devwa demandè dazil ak refijye genyen?

  • Respekte ak aplike lwa nasyonal yo toutan
  • Respekte kilti lokal yo ak koutim yo
  • Founi deklarasyon ki egzat epi ki verite
  • Founi dokiman prèv yo lè sa posib
  • Enfòme UNHCR/Gouvènman yo de tout chanjman nan dosye a, estati fanmi an, etc.
  • Enfòme UNHCR de tout chanjman nan enfòmasyon pou kontakte yo

Gen lòt dwa ak devwa anplis ki egziste nan kèk peyi ak tèritwa ki baze sou lwa nasyonal ak sistèm azil ak refijye pa yo.

Anplis de sa, tanpri konsilte resous sila yo ki espesifik selon peyi a: 


Enfòmasyon ki lye