Soumèt yon plent

Sonje: Tout sèvis UNHCR yo ak aktivite li yo toujou gratis.
A okenn moman yo pap mande w peye pou okenn nan sèvis founi pa UNHCR oswa nenpòt nan patnè li yo. Tanpri, fè atansyon ak konpòtman ki gen pou wè ak fwod e piga ou kwè moun ki di w yo ka ede w ak anrejistreman, re-enstalasyon etc. si ou peye yo.

Si ou ta renmen repòte yon ka move konduit, eksplwatasyon seksyèl, abi, oswa tizonnay pa yon staf UNHCR oubyen yon lòt travayè imanitè, tanpri ekri nou yon email tousuit nan [email protected]

Tanpri note ke rapò ou a ap rete pi konfidansyèl ke posib, n ap toujou pran sekirite ou ak byennèt ou an konsiderasyon, e ou gen dwa pou ou mande pou plent sa a rete san non. Si ou ta prefere repòte dirèkteman bay biwo Enspektè General la, ou ka ekri yon email nan [email protected].

Kisa ki yon move konduit?

Nasyonzini defini yon move konduit kòm “tout mankman yon staf anvè devwa li yo ki anba Stati Nasyonzini, Règleman ak Prensip pou Staf yo, oswa lòt dokiman administratif, oswa pou obsève estanda konduit ke yo atann de yon fonksyonè sivil entènasyonal”.

Move konduit posib yo ka enkli:

  • Eksplwatasyon seksyèl ak abi seksyèl sou moun ke n ap sèvi yo.
  • Fwod (sa vle di falsifye dokiman)
  • Kòripsyon (sa vle di pran lajan nan men refijye yo ak lòt moun)
  • Vòl ak detounman (sa vle di vòlè materyèl ak lajan).
  • Tizonnay nan milye travay (sa vle di trete staf yo yon fason de grenn gòch)
  • Tizonnay seksyèl (sa vle di konpòtman seksyèl ki mal plase).
  • Abi otorite (sa vle di fè favoritis ak diskriminasyon sou staf).
  • Atak oswa menas sou lòt moun.
  • Move itilizasyon de byen UNHCR yo.
  • Vyole prensip konfidansyalite a.
  • Aksyon oswa konpòtman ki ta kapab avili UNHCR.
  • Manke respè pou lwa lokal yo.
  • Konfli enterè.
  • Abize privilèj ak iminite yo.
  • Neglijans ki egzajere.
  • Aktivite nan deyò travay la ki pa otorize oswa yon travay a kote.

Kisa ki yon fwod?

Fwod se tout aksyon ki fèt nan entansyon pou twonpe yon lòt pou tire yon benefis de sa.

 Tout sèvis UNHCR gratis!

Piga ou fè okenn moun oswa òganizasyon konfyans si yo mande ou peye pou sèvis UNHCR oswa patnè li yo. Si yo ta mande w lajan oubyen nenpòt lòt favè, san retire sa ki sou fòm sekyèl, ou dwe rapòte sa bay UNHCR ak/oswa nan pwochen pòs polis la san pèdi tan.

Ou dwe konnen ke tout sèvis UNHCR yo ofri w pou lajan se fwod. Pou vrè enfòmasyon sou travay ak sèvis UNHCR yo, tanpri konsilte sit Sipò UNHCR yo.

Kisa ki eksplwatasyon ak abi seksyèl?

Kisa ki eksplwatasyon seksyèl? Se yon abi reyèl oubyen yon tantativ pou abize de yon pozisyon vilnerabilite yon lòt, de pouvwa dominan sou li, oubyen de konfyans yon lòt fè ou nan yon bi seksyèl.

Kisa ki yon abi seksyèl? Se yon aksyon seksyèl reyèl oubyen yon menas aksyon seksyèl ki fèt pa lafòs oubyen nan yon kondisyon ki pa egal pou tou de moun yo, oubyen ki fòse.

Nan konfòmite ak estanda konduit Nasyonzini yo, manm staf UNHCR yo ak ONG ki patnè li yo pa dwe:

  • Gen rapò seksyèl ak pèsonn pou lajan, pou travay, pou tretman paspouki, pou byen oswa sèvis yo,
  • Gen rapò seksyèl ak pèsonn ki gen pi piti ke 18 an,
  • Antre nan okenn fòm konpòtman ki imilye moun seksyèlman, ki degradan oswa ki eksplwate moun.

Si ou temwen, ou boulvèse oswa sispèk yon ka posib eksplwatasyon seksyèl oswa abi pa yon manm staf UNHCR, Nasyonzini, oswa ONG, ou kapab rapòte nenpòt vyolasyon bay UNHCR nan tout konfidansyalite.

Si ou ta renmen rapòte move konduit, eksplwatasyon seksyèl, abi, oswa tizonnay pa UNHCR oubyen yon lòt travayè imanitè nan nò ak lès Karayib la, tanpri ekri nou yon email imedyatman nan [email protected]

Pou w rapòte fwod, kòripsyon, abi ak eksplwatasyon seksyèl, oubyen lòt move konduit, kontakte Biwo Enspektè Jeneral UNHCR la:

Nan rapò ou a, ou dwe mete:

  • Kisa ki te pase?
    • Dekri an detay kisa ou konnen de ensidan an ou ensidan yo.
  • Kilès ki komèt move aksyon an?
    • Èske ou konnen si te gen lòt moun ki te enplike?Tanpri bay non konplè yo, tit pòs yo ak ki òganizasyon, si posib.
  • Kilè ak ki kote ensidan an oubyen ensidan yo te rive?
    • Tanpri mete dat yo ak lè yo, si posib.

Rapò ou a ap trete ak diskresyon e l ap rete estrikteman konfidansyèl.

Kijan mwen rapòte fwod, kòripsyon ak lòt move konduit?

Rapòte moun ki ap fè fwod nan ofri ou re-enstalasyon, èd finansye ak lòt fòm èd, fo papye ak fo aplikasyon pou lajan ak lòt favè.

Òf sila yo ka vin jwenn ou pa yon moun dirèkteman oswa pa medya sosyal yo, tankou Facebook, WhatsApp, Viber ak Telegram.

 Sonje, sèvis UNHCR yo toujou gratis.

Si ou ta renmen rapòte move konduit, eksplwatasyon seksyèl, abi, oswa tizonnay pa UNHCR oswa yon lòt travayè imanitè nan nò ak lès Karayib la, tanpri ekri yon email imedyatman nan [email protected]

Ou kapab tou rapòte fwod, kòripsyon, abi ak eksplwatasyon seksyèl, oubyen move konpòtman, dirèkteman bay Biwo Enspektè Jeneral UNHCR la:

Enpòtan:

  • Tanpri note ke depoze yon plent pa pral gen okenn enpak sou dosye ou a nan UNHCR.
  • Plent yo ka fèt san ou pa bay non w.
  • Nan plent ou a, tanpri rapòte tout sa ki pase yo ak prèv ou genyen yo.
  • Rapò ou a ak tout enfòmasyon ou bay UNHCR ap rete estrikteman konfidansyèl.

Pou plis enfòmasyon:

Konsilte tou: