Aplike pou azil pa mwayen UNHCR

UNHCR responsab pou trete demand azil sou demand gouvènman yo nan:

Angiya 🇦🇮 | Antigua ak Barbuda 🇦🇬 | Barbados 🇦🇮 | Bermuda 🇧🇲 | Zile Vyèj Britanik 🇻🇬 | LaDominik 🇩🇲 | LaGrenad 🇬🇩 | Ayiti 🇭🇹 | Saint Kitts ak Nevis 🇰🇳 | Sent Lisi 🇱🇨 | Saint Sen Vensan ak Grenadin 🇻🇨 | Sen Maten (pati Nèlandè a) 🇸🇽

Si ou nan peyi oswa tèritwa sa yo epi ou swete fè demand azil (estati refijye), suiv etap ki anba yo: 

Etap 1. Kontakte nou pa email nan [email protected] avèk:

  • Non ou
  • Nimewo telefòn ou  
  • Peyi ou ladan kounye a

Etap 2. Entèvyou

Yon ofisye UNHCR ap kontakte ou apre anviwon 14 jou ouvrab epi l ap fè yon entèvyou tou kout avèk ou pou li ka ranmase enfòmasyon epi anrejistre yo nan baz done UNHCR la. Lè pwosesis anrejistreman sa fin konplete, w ap resevwa yon sètifika demandè dazil.

Etap 3. Desizyon

Yon ofisye UNHCR pral rele ou nan anviwon 30 jou ouvrab pou li ka enfòme ou nan ki dat entèvyou detèminasyon estati refijye w la pral fèt epi l ap mande w nan ki lang ou ta renmen yo poze w kesyon yo. Entèvyou sila a ap fèt a distans, epi ofisye UNHCR la pral asire li ou gen yon espas entèvyou konfidansyèl, yon telefòn entèlijan oswa yon laptòp ki gen yon kamera ki mache, ak yon bon koneksyon entènèt, oubyen tou èske li nesesè pou nou mete mwayen sa yo a dispozisyon ou atravè enstalasyon patnè nou yo posede nan peyi kote ou ap fè demand azil la.

⬇️ Kesyon yo poze souvan yo ⬇️


Ki objektik entèvyou detèminasyon estati refijye a?

Entèvyou a ap chèche konprann rezon ki fè ou kite peyi ou oswa dènye rezidans ou a epi rezon ki fè ou pa ka retounen yo.

Se yon okazyon pou ou ekspoze sitiyasyon w lan epi eksplike an detay sa ou te viv yo ak sikonstans ki te oblije ou kite peyi w epi poukisa ou pa ka retounen.

Tout enfòmasyon ou bay UNHCR pandan entèvyou a ap rete estrikteman konfidansyèl. Sou baz entèvyou a, UNHCR pral detèmine si ou satisfè oubyen ou pa satisfè definisyon yon refijye selon dwa entènasyonal refijye yo.


Kisa ki ap fèt pandan entèvyou a?

  • Se okazyon pa w pou w eksplike istwa ou, e staf UNHCR la pral ede ou nan pwosesis la. Pandan entèvyou a, yo pral poze ou plizyè kesyon sou tèt ou, fanmi ou, nenpòt pwoblèm ou te ka genyen ak laperèz ou genyen pou ou retounen nan peyi ou.
  • Enfòme UNHCR de manb fanmi ou yo ki akonpaye ou. Tout moun ki gen plis ke 18 an pral pase entèvyou endividyèl.
  • Pote epi prezante tout dokiman ki disponib pou ou ak pou tout manb fanmi w ki akonpaye ou, tankou paspò yo, papye idantite yo, batistè yo, sètifika akademik yo, sètifika travay ak lòt papye ki ka apiye demand ou a.
  • Li enpòtan pou ou bay sèlman papye idantite ki orijinal, paske bay fo papye ak papye ki te pwokire pa mwayen fwod kapab gen enpak negatitf sou tretman dosye ou a epi kapab lakòz yo pran desizyon negatif sou ka ou a.
  • Li enpòtan pou ou kolabore ak staf UNHCR la pandan entèvyou a epi ba li laverite ak enfòmasyon san manke moso toutan. Nan ka ou ta manke di laverite oswa di istwa ki pa egzat, ap gen konsekans negatif sou tretman dosye ou a epi sa ka antrene yon desizyon negatif sou ka ou a.

Ki dwa ou ak devwa ou yo pandan pwosesis detèminasyon estati refijye a?

  • Ou gen dwa pou yo poze w kesyon nan lang ou pito a.
  • Ou gen dwa pou avoka w oswa reprezantan legal ou reprezante w, depi li kalifye konsa daprè pwosedi ki etabli nan UNHCR yo, pandan pwosesis la.
  • Chak aplikan gen yon pwofil, yon istwa ak yon rezon diferan ki te fè li kite peyi li; kidonk, chak ka pral analize endividyèlman, selon règ ak pwosedi UNHCR yo.
  • Pa okipe rimè ki ap pwopaje nan mitan refijye yo kòmkidire gen yon istwa espesifik pou ou rakonte pou ou ka jwenn estati refijye, paske sa pral yon istwa ki pa laverite ou pral bay UNHCR ki pral gen yon enpak negatif sou tretman dosye ou a epi ki ka lakòz yon desizyon negatif sou ka ou a.
  • Lè ou twonpe UNHCR entansyonèlman sou sikonstans ki gen pou wè ak ka ou a oswa sou idantite w se yon fwod. Tanpri ou dwe note ke sa pral afekte negativman tretman ka ou a e sa kapab mennen yon desizyon negatif sou li. UNHCR rezève li yon dwa pou li pran mezi ki apwopriye sou sa.

Konbyen tan mwen gen pou m tann yon desizyon?

Akoz de priyorite yo ki ap anpyete youn sou lòt oswa/epi tou depan de konpleksite ka ou a, ou kapab tann plizyè jou jiska plizyè mwa pou ou resevwa desizyon nou an. Yo kapab rekontakte w tou pou yon lòt entèvyou anvan nou konplete ka ou a. N ap apresye konpreyansyon w ak pasyans ou pou sa.


Kisa ki pral rive si yo rekonèt mwen kòm yon refijye?

Nou pral voye yon sètifika refijye pou ou ak/oswa pou depandan ou yo pa email apati [email protected] ki ap enfòme ou ke yo rekonèt ou kòm yon refijye.


Kisa ki pral rive si yo refize m estati refijye a?

Si yo refize w estati refijye a aprè entèvyou premye entans lan, ou pral resevwa yon lèt sou desizyon negatif la ki gen ladan eksplikasyon rezon ki lakòz yo refize aplikasyon pou azil ou a epi yon ofisye UNHCR pral founi ou enfòmasyon sou fondman desizyon sila a nan lang ou pito a. Si yo notifye w yon desizyon negatif, ou gen dwa pou ou soumèt yon rekèt an apèl kont desizyon sa a nan yon entèval 30 jou. Lèt notifikasyon sa a pral eksplike klè ki kote epi kòman ou ka soumèt rekèt an apèl la. Si ou pa swete soumèt yon apèl kont desizyon ki rann an premye enstans lan ki refize aplikasyon azil ou a, dosye ou a ap fèmen.

Ou dwe eksplike poukisa ou pa dakò ak desizyon nou an nan fòmilè aplikasyon pou apèl ou a. Ou gen dwa sezi okazyon sa a pou ou prezante lòt pwoblèm ak lòt prèv ou genyen ke ou pat prezante deja pandan entèvyou ou a.

Ou sipoze soumèt fòmilè aplikasyon pou apèl ou a pa email bay [email protected]. Asire w non ou ak nimewo kontak ou ki a jou yo enkli nan email ou a.


Kisa ki pral pase pandan pwosesis apèl la?

Pwosesis apèl la bay UNHCR okazyon pou li revize refi an premye enstans lan epi asire li ke desizyon ki te pran an te kòrèk. Pandan pwosesis apèl la, staf pwoteksyon UNHCR ki diferan de staf sila yo ki te enplike nan desizyon inisyal an premye enstans lan revize tout rekèt an apèl yo.  Se pa tout rekèt an apèl ki pral mennen yon entèvyou an apèl epi nan kèk ka desizyon yo ka pran san yon entèvyou an apèl. Se poutèt sa li enpòtan pou ou founi nan aplikasyon apèl ou a tout rezon ki fè ou kwè desizyon an premye enstans ou an pa kòrèk.

 

Si yon entèvyou an apèl nesesè, yo pral notifye w dat entèvyou an apèl la pa mwayen yon apèl telefòn epi y ap tou konfime ak ou nan ki lang ou vle yo poze w kesyon yo nan entèvyou a.

 

Si desizyon an premye enstans lan anile, w ap resevwa estati refijye ak yon sètifika refijye. Si desizyon an premye enstans lan konfime, ou pa kapab soumèt apèl kont desizyon sa ankò paske li konsidere kòm desizyon final epi dosye ou a ap fèmen paske yo jwenn ou pa kalifye kòm yon refijye selon dwa entènasyonal la.


Èske aplike pou azil gen yon frè dosye?

Aplikasyon pou azil ak tout sèvis UNHCR founi yo ap toujou gratis e yo pa dwe mande w soumèt okenn fòm pèman pou aplikasyon ou nan UNHCR.

Si yo ta mande ou peye pandan pwosesis sa a, tanpri rapòte sitiyasyon sa a bay UNHCR imedyatman pa email nan [email protected].


Èske mwen kapab kite peyi a apre mwen fin aplike pou azil?

Pandan w ap tann rezilta demand azil ou a, ou dwe rete nan peyi ou te ye lè ou te kontakte UNHCR la. Si ou kite peyi sa a, ou dwe enfòme UNHCR ak gouvènman an de plan vwayaj ou anvan ou deplase. Si ou deplase nenpòt kilè san avèti, yo ka konsidere ke ou abandone demand azil ou a.

Pou plis enfòmasyon sou òganizasyon lokal yo ki kapab ede ou nan peyi w ap chèche azil la, tanpri kontakte UNHCR nan [email protected] epi bay non ou, nimewo telefòn ou ak non peyi ou ladan kounye a, epi n ap ka founi enfòmasyon ki baze sou ka a.


Kisa lòt etap yo ye pou yon moun konplete pwosesis detèminasyon estati refijye a?

Nan peyi kote UNHCR ap jere demand azil yo, chak aplikan endividyèlman ap resevwa enfòmasyon sou dwa yo ak devwa yo epi y ap resevwa konsèy nan sa ki gen pou wè ak tout lòt etap ke yo dwe franchi avèk otorite imigrasyon yo nan peyi azil la.


Kijan mwen ka renouvle sètifika demandè dazil/refijye mwen an?

Nan peyi kote UNHCR ap jere demand azil yo, tanpri voye yon email ak yon foto sètifika w ki pral ekspire a akonpaye yon foto nenpòt dokiman idantite ofisyèl ou genyen bay UNHCR nan [email protected].

UNHCR pral kontakte ou pou pwograme yon entèvyou renouvèlman.

Tanpri mete nimewo telefòn ou ak adrès ou nan email la pou asire nou itilize enfòmasyon kontak ki pi a jou a pou ou.

Silvouplè ajoute jou avèk lè disponobilite ou yo pou entèvyou renouvèlman an.

Nou rekòmande ou fè demand pou renouvle sètifika a, de semèn anvan sètifika a ekspire, e pa anvan sa.


Atansyon!

  • Tout enfòmasyon ou founi UNHCR konfidansyèl e y ap konsève epi pwoteje selon prensip nou yo sou pwoteksyon done.
  • Enfòmasyon ou pataje ak UNHCR pa pral pataje ak yon lòt pati, pa menm ak otorite peyi orijin ou. Si ou swete pou UNHCR pataje detay demand ou a ak yon lòt pati, ou dwe siyen yon fòmilè konsantman anvan.
  • Tanpri note ke ou ka chèche azil sèlman nan peyi kote w ap viv la.

⬅️Chwazi yon lòt peyi nan Karayib la

Enfòmasyon ki lye