Enfòmasyon sou UNHCR nan Nò ak Lès Karayib la

UNHCR, Ajans Nasyonzini pou Refijye, pwoteje moun yo fòse kouri kite kay yo akoz konfli ak pèsekisyon. Nou travay ak Gouvènman yo epi patnè ki nan plis ke 130 peyi, nan pwoteje plizyè milyon moun pandan n ap pote repons pa mwayen èd ki sove lavi, pwoteje dwa fondalnatal moun yo epi ede yo bati yon demen miyò.

 Biwo Milti-Peyi UNHCR la ki nan Washington kouvri 18 peyi nan Karayib la ak teritwa lòtbòdlo:  Antigua ak Barbuda, Baamas, Barbados, LaDominik, Repiblik Dominikèn, LaGrenad, Ayiti, Jamayik, St. Kitts ak Nevis, Sent. Lisi, Sen Vensan ak Grenadin; tèritwa Britanik ki lòtbòdlo yo ki se Angiya, Bermuda, Zile Vyèj Britanik yo, Zile Kayiman yo, Monsera ak Turks ak Caicos; epi tèritwa nèlandè lòtbòdlo yo ki nan Wayòm Lawoland lan ki se Sint Maarten

UNHCR pa gen yon biwo nan chak peyi ak tèritwa sa yo. Men pito, biwo ki nan Washington lan kowòdone repons UNHCR, epi travay nan patenarya ak òganizasyon lokal ak rejyonal pou sipòte demandè azil ak refijye yo.  

  • Trete demand azil nan sèten peyi ak tèritwa, pandan ke nan kèk lòt peyi gouvènman nasyonal yo trete demand azil yo. Gade paj nou an sou Kòman pou w Chèche Azil
  • Atravè patnè nou yo, nou founi sipò bay demandè azil ak refijye yo pa mwayen ledikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl epi tou pa mwayen sante mantal epi sipò sikososyal.
  • Nou travay tou dirèkteman ak gouvènman yo pou devlope sistèm efikas pou pwoteksyon refijye yo ak solisyon pou moun ki pa moun okenn peyi yo.

Nou pa gen kapasite pou ede demandè azil ki ap chèche kite pwòp peyi yo, ni bay kay pou rete, oswa sipò pou ede yo jwenn rezidans. 

Si w ap viv nan youn nan peyi ki nan lis anlè a epi ou gen bezwen repons sou kesyon ki gen pou wè avèk azil, edikasyon oswa sipò sikososyal ou ka kontakte UNHCR pa email nan: [email protected]. 

Lè w ap voye email ban nou, tanpri toujou mete non w, nimewo telefòn ou ak non peyi ou ladan nan moman an.

Lòt peyi ak tèritwa nan Karayib la yo kouvri pa diferan biwo:

Silvouplè vizite prensipal paj Sipò a Help site pou enfòmasyon ki disponib pou refijye, demandè azil ak moun ki pa moun okenn peyi yo nan lòt kote.


Enfòmasyon ki lye