Aplike pou azil ak gouvènman an

Gouvènman chak peyi responsab pou resevwa  ak trete demand azil yo nan:

Baamas 🇧🇸 | Zile Kayiman 🇰🇾 | Repiblik Domimikèn 🇩🇴 | Jamayik 🇯🇲 | Monsera 🇲🇸 | ZileTurks ak Caicos 🇹🇨

UNHCR pa patisipe nan pwosesis desizyon an, men nou kapab ede ou nan konprann pwosedi yo.

➡️ Pou ou chèche azil nan Baamas 🇧🇸, tanpri apwoche otorite imigrasyon gouvènman yo oswa otorite azil ki plase pou sa a pou anrejistre demand ou a. Gouvènman an ap kominike dirèkteman ak ou sou pwosedi yo epi l ap detèmine si ou rekonèt oswa ou pa rekonèt kòm yon refijye.

  • Si ou bezwen plis enfòmasyon oswa asistans nan pwosesis la, ou ka ekri UNHCR yon email nan [email protected] ansanm ak non ou, nimewo telefòn ou ak peyi ou ladan kounye a.

➡️Si ou swete chèche azil nan Zile Kayiman 🇰🇾, Jamayik 🇯🇲, Monsera 🇲🇸, oswa Zile Turks ak Caicos 🇹🇨, tanpri ekri yon email nan  [email protected] ansanm ak non ou, nimewo telefòn ou ak non peyi ou ladan kounye a.

  • Yon ofisye UNHCR pral founi ou enfòmasyon de baz sou kijan pou ou fè demand azil apati pwosedi gouvènman an. Nou kapab tou ba ou enfòmasyon sou ki òganizasyon lokal ki ta kapab ede ou nan peyi kote ou mande azil la.

➡️ Pou ou fè demand azil nan Repiblik Dominikèn 🇩🇴, tanpri vizite Help Dominican Republic pou enfòmasyon. 

➡️ Si ou nan yon lòt peyi nan Karayib la, vizite Paj sipò a epi chwazi peyi ou ap viv ladan an pou ou ka jwenn plis enfòmasyon sou aplikasyon pou azil ladan.  


⬅️Chwazi yon lòt peyi nan Karayib la

Enfòmasyon ki lye