Kijan ACNUR ka ede m?

  • konprann pwosedi ak sèvis ki genyen nan Meksik;
  • jwenn konsèy pandan pwosedi w ak COMAR ak lòt demach ou genyen ak INM;
  • jwenn èd legal gratis, si w bezwen li;
  • jwenn opsyon pou etidye, jwenn sèvis sante, suiv yon fòmasyon oswa jwenn dokiman pou travay;
  • kontakte òganizasyon ak otorite ki kapab ede w ak pwoteksyon w.

Sipò pou kòmanse lavi w nan Meksik

ACNUR gen pwogram tou pou ede moun ki refijye yo kontinye lavi yo nan Meksik.

Enpòtan

Chak moun gen bezwen diferan. Èd ou ka resevwa a depann de sitiyasyon w ak pwogram ki disponib yo.

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

Kontakte ACNUR pou konnen ki èd ou ka resevwa.

📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Oswa sou imel sa a: [email protected]

Ou ka antre sou paj Facebook El Jaguar pou w kapab jwenn enfòmasyon epi pou yo ka reponn kesyon ou yo. 

⚠️ Nou bay chak moun yon atansyon pèsonèl, e nou egzamine ka yo youn pa youn gratis.