Randevou a

Trè enpòtan!

Anvan ou kòmanse pwosesis natiralizasyon w la, CURP ou dwe valid epi ajou, epi ou dwe asire w ke tout enfòmasyon ou yo ajou ak INM. Si enfòmasyon yo pa ajou, pwosesis ou a ka afekte.

Si ou ranpli tout kondisyon yo, ou dwe pran yon randevou sou Pòtal Pwosedi Sekretarya Relasyon Eksteryè Meksik la (SRE) lè ou fè pre-enskripsyon ou nan Sistèm Entegre Nasyonalite ak Natiralizasyon (SINNA).

Avan w kòmanse:

  • 📧 Ou dwe genyen yon imel
  • 🖥️ Se sèl sou yon òdinatè w ap ka fè preanrejistreman an (ou pap ka fè l ni sou telefòn ni sou tablèt).
  • 💾 Depi w kòmanse preanrejistreman an ou dwe fini l. Si w pa fini l enfòmasyon ou te gentan mete yo pap rete sovgade sou sistèm nan.

Etap pou pre-enskripsyon ak randevou ou

  1. Ale sou Pòtal Pwosedi SRE a.
  2. Antre nan Sistèm Entegre Nasyonalite ak Natiralizasyon (SINNA).
  3. Anrejistre imèl ou: Ekri adrès imèl ou pou resevwa lyen an.
  4. Tcheke imèl ou: Louvri imèl ou resevwa a epi klike sou lyen an.
  5. Fè pre-enskripsyon ou: Ranpli enfòmasyon pèsonèl ou yo.
  6. Chwazi biwo a: Chwazi kote ou pral fè demach la. Pou kounye a e jiskaske gen yon lòt avi, randevou yo disponib sèlman nan Vil Meksiko.
  7. Chwazi randevou ou: Chwazi jou ak lè a.
  8. Konfime: Ou pral resevwa pa imèl nimewo dosye ou (folio) ansanm ak konfimasyon randevou ou a.

Nan ACNUR nou ka oryante w gratis nan tout pwosesis natiralizasyon ou a.

Kontakte ACNUR nan peyi Meksik

Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)

Oswa sou imel sa a: [email protected]

Men orè travay yo:
Lendi a jedi: 9:00 nan maten a 4:30 nan laprèmidi
Vandredi: 9:00 nan maten a 2:00 nan laprèmidi

Ou ka antre sou paj Facebook El Jaguar pou w kapab jwenn enfòmasyon epi pou yo ka reponn kesyon ou yo.