⚠️ Trè enpòtan! ⚠️
Anvan ou kòmanse pwosesis natiralizasyon w la, CURP ou dwe valid epi ajou, epi ou dwe asire w ke tout enfòmasyon ou yo ajou ak INM. Si enfòmasyon yo pa ajou, pwosesis ou a ka afekte.
Pou w fè demann natiralizasyon an, ou dwe genyen 18 lane epi respekte kondisyon sa yo:
1. Tan rezidans nan peyi Meksik
- 2 ane si ou soti nan yon peyi Amerik Latin oswa nan Penensil Iberik la.
- 5 lane si w soti nan yon lòt peyi oswa si w apatrid.
- Nan toude ka yo, apati dat yo delivre rezidans pèmanan an.
2. Dokiman
- Kat rezidans pèmanan.
- Demann pou lèt natiralizasyon (SRE-02-011) ranpli.
- Telechaje li sou Pòtal Pwosedi SRE a.
- Lèt rekòmandasyon COMAR.
- Kondisyon sa a sèlman pou moun ki gen estati refijye.
- Batistè ki apostile epi legalize.
- Kondisyon sa a sèlman pou moun ki gen pwoteksyon konplemantè oswa ki apatrit.
- Paspò oswa Dokiman Idantite ak Vwayaj (DIV) (omwen 45 jou validite ki rete).
- Si paspò oswa DIV ou te bay depi mwens pase 2 ane, mande dokiman Dosye Mouvman Migratwa (Flujos Migratorios) nan INM.
- Sètifika dosye kriminèl federal ak sètifikasyon li. (Constancia de antecedentes penales federales)
- Sètifika dosye kriminèl lokal.
- Resi pèman Ministè Relasyon Eksteryè.
✅ Si w respekte tout kondisyon yo:
- Pran randevou ou sou Pòtal Pwosedi SRE a.
- Fè pre-enskripsyon ou: Ranpli enfòmasyon pèsonèl ou nan Sistèm Entegre Nasyonalite ak Natiralizasyon (SINNA).
- Seleksyone jou randevou ou a.
- Enprime konfimasyon randevou ou epi pote li avèk ou jou randevou a.
Egzamen yo
Istwa Meksik
- Kondisyon sa a sèlman pou moun ki gen pwoteksyon konplemantè oswa ki apatrit.
- Refijye yo, moun ki gen plis pase 60 an ak timoun minè yo pa bezwen pase egzamen sa a.
Egzamen lang panyòl
- Sèlman si yo pa pale panyòl nan peyi orijin ou.
Nan ACNUR, nou ka ba w konsèy gratis pandan tout pwosesis natiralizasyon ou a.
📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Oswa sou imel sa a: [email protected]
