Ki jan ou kapab fè demann pou w vin yon refijye nan peyi Meksik?

Si w pè retounen nan peyi w, ou kapab mande azil antanke refijye nan peyi Meksik. Demach yo GRATIS e sa ap rete konfidansyèl.

W ap jwenn tout enfòmasyon sa yo nan bwochi sa a, e ou mèt telechaje l.

Fason pou w prezante demann ou an

Ou kapab prezante demann pou w viv antanke refijye a nan Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados (COMAR), nan Ciudad de México, Acayucan, nan eta Veracruz, Tenosique, nan eta Tabasco, Tapachula, Tuxtla Gutiérrez ak Palenque, nan eta Chiapas, Guadalajara, nan eta Jalisco, Saltillo nan eta Coahuila, Monterrey, nan eta Nuevo León; Tijuana, nan eta Baja California, Ciudad Juárez nan eta Chihuahua oubyen nan Oficinas de Regulación Migratoria del Instituto Nacional de Migración (INM), nan rès peyi a. Nan 30 jou ki gen travay apre w fin antre nan peyi Meksik.

Si w gen plis pase 30 jou nan peyi Meksik, w ap bezwen pale ak otorite yo pou w esplike yo rezon ki fè w pa t vin kote yo anvan sa.

COMAR ap mande w ranpli yon fòmilè kote w pral esplike rezon ki fè w te kite peyi w. Si fanmi w ansanm avè w, pa bliye mete non yo nan demann ou fè a, si yo nan peyi yo te fèt la, ou dwe di sa tou.

Lè w prezante yon demann, COMAR dwe deja apwouve l, e COMAR ap bay yon Atestasyon (CONSTANCIA), prèv ki montre ou kòmanse demach la, epi y ap ba w yon nimewo idantite pèsonèl tanporè ki rele Clave Única de Registro de Población” (CURP), sa k ap ede w fè lòt demach epi gen posiblite benefisye sèvis piblik yo.

Lè w mande azil antanke refijye, legalman, ou gen dwa pou yo pa voye w tounen nan peyi w. Avèk atestasyon w vin genyen an, ou ka mande INM kat vizitè pou rezon imanitè, sa k ap pèmèt ou travay pandan w ap fè demach yo.

Epitou, ou ka kontakte COMAR antanke imigran nan yon lòt peyi, epi fè demann ou an kote w ye a. Mande pou yo mete w an kontak ak COMAR.

Ou gen dwa pou w pran yon avoka pandan tout demach yo. Antre an kontak ak ACNUR pou n ka ede w mete w an kontak ak yon moun ki ka ede w san w pa peye.

Entèvyou pou n wè si w kalifye

COMAR fè entèvyou avè w pou yo konnen rezon ki fè w kite peyi w. Epitou, ou dwe bay rezon ki fè w pa vle retounen nan peyi w, oubyen ou pa kapab retounen. Li enpòtan pou w bay tout detay posib.

Si w gen yon dokiman oswa enfòmasyon ki gen rapò ak ka pa w la, ou dwe vini avè l, men li enpòtan pou w konnen ou pa bezwen prèv ki montre sa k te pase nan peyi w.

Ou dwe al nan entèvyou a poukont ou. Epitou, ou ka mande pou se yon fi oubyen yon gason ki entèvyouwe w. Mete sou sa, si w pa pale espayòl, ou gen dwa pran yon entèprèt oswa yon tradiktè pou ede w nan demach yo.

Repons demann lan

COMAR ap egzamine ka w la, epi l ap ba w rezilta nan delè 45 – 100 jou ki gen travay (soti lendi rive vandredi, san konte wikenn ak jou ferye nan peyi Meksik) apre dat ki make sou atestasyon w lan. Nan kèk ka, COMAR kapab pwolonje dèle a pou yon lòt 45 jou ki gen travay ankò.

Akoz pandemi COVID-19 la, yo fè yon ti kanpe sou demach sa yo depi 24 mas 2020 jiska nouvèlòd.

Sa pou w fè lè w fin jwen repons lan

Si li pozitif: nan kolaborasyon ak COMAR, w ap gen pou w al nan Instituto Nacional de Migración (INM) pou w ka fè demach rezidans pèmanan w nan peyi Meksik antanke refijye. Y ap konsidere tout moun nan fanmi w ou te mete non yo nan demann ou te fè a kòm refijye, e kounye a, w ap vin gen yon kòd idantite CURP ki pèmanan. Lè w fin fè rezidans pèmanan w, w ap ka viv nenpòt kote nan peyi Meksik.

Si repons lan negatif: ou ka fè apèl nan espas 15 jou ki gen travay (soti lendi pou rive vandredi, san konte jou ferye nan peyi Meksik) apre yo fin di w sa. Apre sa, COMAR ap egzamine ka w la yon dezyèm fwa. Sa ka pran jiska 90 jou (soti lendi pou rive dimanch). Si w pa gen yon avoka gratis, ou ka al nan nenpòt biwo Instituto Federal de la Defensoría Pública.

Si COMAR rejte demann ou fè a yon dezyèm fwa, legalman, ou gen dwa pou w resevwa èd yon avoka pou w ka fè apèl devan yon jij.

W ap bezwen sonje pandan w ap fè demach pou yo rekonèt ou kòm refijye, ou dwe:

  • Si w pa pale espayòl, ou ka mande èd yon entèprèt.
  • Rete nan zòn ou te fè demann ou an. Si w ta renmen deplase pou w al nan yon lòt zòn, ou dwe fè demann otorizasyon nan COMAR. Se pou w sonje si w deplase san otorizasyon COMAR, y ap sispann konsidere ka w la.
  • Se pou w al nan tout entèvyou COMAR mande w fè yo.