Ki lè yon moun se yon refijye?

Refijye yo se moun ki te oblije kouri kite peyi yo fèt la akòz lagè, vyolans ak pèsekisyon, epi yo al chèche pwoteksyon nan lòt peyi. 

Men ki jan lwa peyi Meksik bay konsènan Refijye yo, lwa sou Pwoteksyon Konplemantè ak Azil Politik, defini yon refijye:

➡️ Se yon moun ki pè pou yo pa pèsekite l akoz ras li, relijyon li, nasyonalite l, sèks li, ran sosyal li, oswa opinyon politik li.

➡️ Moun sa a lwen peyi l fèt la, epi li pa gen pwoteksyon peyi l.

➡️ Ki kouri kite peyi li paske lavi li, sekirite li, oswa libète li menase akoz vyolans k ap fèt toupatou, agresyon sou etranje, konfli entèn, vyolasyon dwa moun, oubyen lòt sitiyasyon ki lage gwo latwoublay nan sosyete a.

Yon refijye ta ka twouve l nan sitiyasyon kote li sibi vyolans pèsonèlman, oubyen li santi li riske pou yo fè kalite vyolans ki vin apre yo sou li:

  • Ekstòsyon, entimidasyon, asèlman, vyolans fizik oswa seksyèl anba men gangstè oswa gwoup moun ki gen zam:
    • Paske li refize soutni gwoup sa yo oubyen antre ladan yo.
    • Paske li refize bay lajan pou finanse lagè, oubyen peye lesepase.
    • Paske li refize renmen ak moun ki gen relasyon ak gwoup kriminèl.
  • Paske li te temwen yon krim moun sa yo te fè.
  • Li ka sibi diskriminasyon, menas, agresyon fizik akoz relijyon l oswa kwayans li, opinyon politik li, nasyonalite l, oswa gwoup etnik li.
  • Yo ka ba l kou, fè presyon sou li, e fè vyolans fizik sou li akoz sèks li, oryantasyon seksyèl li, oswa paske li di li se gason oswa fi. Pa egzanp, moun ki lesbyèn, omoseksyèl, biseksyèl, transeksyèl, oswa entèseksyèl nan yon kominote (LGBTI).
  • Asèlman, menas, kou oswa vyolans seksyèl yon mennaj, mari/madanm, ansyen mennaj, ansyen mari/madanm, fanmi, oswa lòt moun ta fè sou li.
  • Yon moun ki viktim paske yo pran kay li, oubyen yo vòlè kay li, yo sezi tè li ak lòt byen li genyen.
  • Yo te fòse l fè pwostitisyon oubyen marye ak yon moun san l pa t vle sa.
  • Lavi li, libète li oswa sekirite li menase akoz konfli kote y ap itilize zam, sitiyasyon grav kote gen anpil vyolans ak ensekirite.

Nan peyi Meksik, enstitisyon ki la pou resevwa demann moun fè pou yo vin gen estati refijye epi jere dosye sa yo se Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados (COMAR).