ACNUR ak òganizasyon sosyete sivil yo ap kolabore ansanm pou yo bay moun ki fè demann pou yo vin refijye, moun ki refijye ak moun ki jwenn lòt kalite pwoteksyon nan peyi Meksik, tankou:
- konprann pwosedi ak sèvis ki genyen nan Meksik;
- jwenn konsèy pandan pwosedi w ak COMAR ak lòt demach ou genyen ak INM;
- jwenn èd legal gratis, si w bezwen li;
- jwenn opsyon pou etidye, jwenn sèvis sante, suiv yon fòmasyon oswa jwenn dokiman pou travay;
- kontakte òganizasyon ak otorite ki kapab ede w ak pwoteksyon w.
Sipò pou kòmanse lavi w nan Meksik
ACNUR gen pwogram tou pou ede moun ki refijye yo kontinye lavi yo nan Meksik.
Enpòtan
Chak moun gen bezwen diferan. Èd ou ka resevwa a depann de sitiyasyon w ak pwogram ki disponib yo.
Èske w bezwen plis enfòmasyon?
Kontakte ACNUR pou konnen ki èd ou ka resevwa.
📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Oswa sou imel sa a: [email protected]
Ou ka antre sou paj Facebook El Jaguar pou w kapab jwenn enfòmasyon epi pou yo ka reponn kesyon ou yo.
⚠️ Nou bay chak moun yon atansyon pèsonèl, e nou egzamine ka yo youn pa youn gratis.
