Kiyès ki yon moun refijye?
Yon moun refijye se yon moun ki te oblije kite peyi li paske li te an danje. Sa ka rive akoz:
- Lagè
- Vyolans
- Pèsekisyon
Si ou pè retounen nan peyi ou paske lavi ou an danje, ou ka yon moun refijye.
✅ Dapre lalwa nan Meksik, ou se yon moun refijye si:
- Ou pè pou yo pèsekite w akoz ras ou, relijyon ou, nasyonalite ou, sèks ou, opinyon politik ou oswa paske ou fè pati yon gwoup sosyal.
- Ou deyò peyi ou epi ou pa gen pwoteksyon gouvènman ou.
- Lavi ou, sekirite ou oswa libète ou an danje akoz:
- Vyolans jeneralize
- Konfli ame
- Konfli ame
- Sitiyasyon ki boulvèse lòd piblik la
⚠️ Egzanp risk:
- Ekstòsyon, menas, agresyon fizik oswa vyolans seksyèl gang oswa gwoup ame fè:
- Paske ou refize kolabore avèk yo
- Paske ou pa peye lajan ekstòsyon (“derecho de piso”)
- Paske ou pa aksepte vin patnè yon moun nan gwoup la
- Paske ou te temwen yon krim
- Diskriminasyon oswa agresyon akoz relijyon ou, opinyon politik ou, nasyonalite ou oswa orijin etnik ou.
- Vyolans fizik oswa seksyèl akoz idantite jan ou oswa oryantasyon seksyèl ou (moun LGBTIQ).
- Vyolans nan fanmi (patnè, ansyen patnè oswa manm fanmi).
- Yo pran kay ou, tè ou oswa byen ou nan men ou.
- Yo fòse w fè pwostitisyon oswa marye kont volonte w.
- Konfli ame oswa vyolans grav nan kominote ou.
ℹ️ Kiyès ki ka ede w nan Meksik?
- COMAR: Komisyon Meksiken pou Èd Refijye (li trete demann pou rekonesans estati refijye).
- ACNUR: Si ou se yon moun refijye, ou panse ou ka yon moun refijye, oswa ou bezwen enfòmasyon, kontakte ACNUR nenpòt kote ou ye nan Meksik:
Kontakte ACNUR nan peyi Meksik
Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)
WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
Oswa sou imel sa a: [email protected]
Men orè travay yo:
Lendi a jedi: 9:00 nan maten a 4:30 nan laprèmidi
Vandredi: 9:00 nan maten a 2:00 nan laprèmidi
Ou ka antre sou paj Facebook El Jaguar pou w kapab jwenn enfòmasyon epi pou yo ka reponn kesyon ou yo.