Di non ak fwod, eksplwatasyon seksyèl ak abi seksyèl

⚠️ Tout sèvis ak aktivite UNHCR bay yo toujou gratis.

Yo pa janm dwe mande w peye oswa fè okenn favè an echanj sèvis UNHCR oswa patnè li yo bay.


Ki sa abi seksyèl ak eksplwatasyon seksyèl ye?

Abi seksyèl ak eksplwatasyon seksyèl pa akseptab. UNHCR ak patnè li yo gen yon politik zewo tolerans kont yo.

  1. Eksplwatasyon seksyèl
    • Si yon moun ki travay pou UNHCR oswa youn nan patnè li yo mande w yon favè seksyèl an echanj manje, lojman, enfòmasyon oswa nenpòt lòt kalite èd.
    • Si yon moun ofri w lajan oswa kado an echanj relasyon seksyèl.
  1. Abi seksyèl
    • Si yon anplwaye UNHCR oswa yon patnè touche w yon fason ki fè w mal alèz oswa fè jès seksyèl sou ou.
    • Si yon moun gen relasyon seksyèl ak yon timoun oswa yon adolesan. Sa se abi seksyèl, kèlkeswa laj konsantman legal la nan kote sa a.

⚠️ Konpòtman sa yo ENTÈDI TOTALMAN pou tout anplwaye UNHCR ak òganizasyon patnè li yo, nenpòt ki lè ak nenpòt kote.


Rapòte abi seksyèl ak eksplwatasyon seksyèl

Si ou menm oswa yon moun ou konnen viktim eksplwatasyon oswa abi seksyèl, ou gen dwa fè yon rapò epi resevwa sèvis sipò. Fè yon rapò pap afekte sèvis ou resevwa nan men UNHCR oswa patnè li yo.

Nan Meksik, ou ka kontakte UNHCR:

Ou kapab tou fè rapò dirèkteman bay Biwo Enspektè Jeneral UNHCR:


Ki sa fwod ye?

Fwod se nenpòt zak ki fèt pou twonpe yon lòt moun avèk entansyon pou jwenn yon avantaj.

⚠️ Tout sèvis UNHCR yo gratis!

Pou evite fwod ak chantaj:

  1. Verifye sous enfòmasyon yo.
  2. Pa pataje enfòmasyon pèsonèl ou.
  3. Rete vijilan.
  4. Rapòte nenpòt sispèk fwod oswa chantaj.

Rapòte fwod

Rapòte moun ki pwopoze relokalizasyon, asistans finansye, lòt kalite èd, fo dokiman oswa fo pwosedi an echanj lajan oswa favè.

Òf sa yo ka fèt fas a fas oswa atravè rezo sosyal tankou Facebook, WhatsApp ak Telegram.

⚠️ Sèvis UNHCR yo toujou gratis.

Nan Meksik, ou ka kontakte UNHCR:

Ou kapab tou fè rapò dirèkteman bay Biwo Enspektè Jeneral UNHCR:

Fèmen [X]

Ede nou amelyore!

Nou ta renmen konnen opinyon ou sou bwat plent ak sijesyon ACNUR la.
Patisipe nan sondaj nou an de fason volontè.

Ale nan sondaj la Non, mèsi