Reyinifikasyon familyal

Avi: Nan kad mezi espesyal pou Afganistan ak Ikrèn, Kanada ap bay priyorite a reyinifikasyon familyal pou sitwayen Afganistan ak Ikrenyen. Pou plis detay, tanpri konsilte: Aktyalizasyon livrezon pwogram: Mezi espesyal pou Afganistan – Canada.ca ak Ikrèn: Mezi espesyal pwogram espesifik – Canada.ca

Pwoteksyon inite familyal se yon dwa moun enpòtan. Si w te separe ak fanmi w anvan oswa pandan vòl ou a, ou ka aplike pou yo vin jwenn ou Kanada, selon kondisyon espesifik. Si wi ou non fanmi w ka antre vin jwenn ou finalman depann de ki kalite estati legal yo ba w ak ki kalite lyen ou genyen avèk yo.


Kiyès ki kalifye pou reyinifikasyon familyal la?

Refijye ki fèk rive ki reyenstale yo ka pwofite de Opòtinite Dispozisyon Delè yon Ane a  ki bay refijye ki reyenstale Kanada yo yon ane pou aplike pou reyinifikasyon avèk manm fanmi li te kite dèyè oswa li pa t konnen ki kote yo te ye nan moman refijye a te rive Kanada. Pou kalifye pou pwogram sa a, manm fanmi ki sou kont ou yo (mari/madanm oswa patnè inyon lib ak pitit ki sou kont ou yo) te dwe idantifye sou aplikasyon Kanadyen orijinal refijye ki reyenstale a, gen kèk eksepsyon ki aplike. Fanmi o Kanada ki aplike pou reyinifye avèk fanmi yo atravè Opòtinite Dispozisyon Delè yon Ane a pa oblije satisfè egzijans finansye yo. Moun ki rantre al jwenn fanmi yo Kanada atravè pwogram sa a ka benefisye sèvis pou refijye ki reyenstale.

 

Si w se yon rezidan pèmanan nan Kanada (ki gen ladan refijye) epi w ranpli sèten kondisyon (tankou ou pa resevwa asistans sosyal sof pou yon andikap epi ou ka reponn a bezwen de baz nenpòt moun ou vle esponnsorize), ou ka aplike epi benefisye Pwogram Imigrasyon nan Kategori Regwoupman FamilyalOu ka aplike pou w reyini ak manm fanmi sa yo:

  • Mari/Madanm: Mari/Madanm ki legalman rekonèt, patnè inyon lib, oswa patnè konjigal (ki gen ladann relasyon ant moun ki gen menm sèks).
  • Pitit: Pitit ki pako marye ki sou kont ou(ak pitit yo ki sou kont yo, si sa aplikab). Pitit ki sou kont ou yo dwe gen mwens pase 22 an epi yo pa ka gen mari/madanm, ni patnè inyon lib oswa patnè konjigal.
  • Paran ak Granparan: Pa gen anpil plas disponib o Kanada pou parennaj paran ak granparan. Esponnsò potansyèl yo ka soumèt “ekspresyon enterè” pandan peryòd admisyon ki te deja pwograme, apre sa yo pral envite esponnsò ki kalifye yo owaza pou aplike.

*Remak Enpòtan: Moun ki admi nan pwogram reyinifikasyon familyal Kanadyen yo admi kòm rezidan pèmanan. Pou rezon sa, yo dwe satisfè kondisyon medikal, penal, ak sekirite Kanadyen. Anplis de sa, Kanada pa gen pwogram reyinifikasyon familyal pou manm fanmi pwolonje, tankou frè ak sè granmoun, matant, tonton, ak kouzen. Eksepsyon aplike pou frè ak sè, nyès, neve, ak pitit pitit òfelen ki minè. Si manm fanmi pwolonje w yo se refijye yo ye tou, yo ka kalifye pou pwogram parennaj prive Kanada a.


Kijan pou aplike pou reyinifikasyon familyal?

Tout pwosesis reyinifikasyon familyal yo dwe kòmanse nan peyi Kanada. Ou ka jwenn enfòmasyon detaye sou igzijans ak pakè aplikasyon yo, ki gen ladan fòm ki ka telechaje gratis nan sit entènèt Imigrasyon, Refijye ak Sitwayen Kanada:

Esponnorize mari/madanm, patnè oswa pitit: Konsènan pwosesis la – Canada.ca

Esponnsorize paran ak granparan: Konsènan pwosesis la – Canada.ca

Gid pou Regwoupe Manm Fanmi Aletranje daprè Opòtinite Dispozisyon Delè yon Ane a (IMM 5578) – Canada.ca


Kiyès ki ka ede w nan pwosesis reyinifikasyon familyal la?

Ou ka chèche asistans ak konsèy endividyèl gratis nan òganizasyon ki nan lis sou sit entènèt sa a.

Tanpri sonje UNHCR ki o Kanada pa ofri konsèy endividyèl sou reyinifikasyon familyal.

Si w pa konnen ki kote fanmi w ye, ou ka kontakte pwogram Retablisman Lyen Familyal Lakwa Wouj Kanadyen an, ki ede moun Kanada konekte avèk manm fanmi pwòch yo apre separasyon akòz konfli ame, katastwòf natirèl, migrasyon ak lòt kriz imanitè.


Plis enfòmasyon sou reyinifikasyon familyal