Kiyès ki ka jwenn pwoteksyon kòm refijye o Kanada?

Pou jwenn pwoteksyon kòm refijye, ou bezwen pwouve ou pa ka tounen nan peyi nasyonalite w oswa rezidans ou paske ou pè pèsikisyon akoz youn nan rezon ki vini annaprè yo (gen egzanp anba chak tit) : 

Ras oswa nasyonalite 

Pa egzanp, ou pè pèsikisyon paske ou se manm yon gwoup relijyon minoritè oswa ou kouvèti nan yon lòt relijyon. 

Relijyon

Pa egzanp, ou pè pèsikisyon paske ou se manm yon gwoup etnik oswa yon gwoup lengistik minoritè.

Manm yon gwoup sosyal espesyal

Pa egzanp, ou sibi vyolans akoz oryantasyon seksyèl ou oswa sèks ou, oswa paske w pè pèsikisyon akoz lyen familyal ou.

Opinyon politik

Pa egzanp, ou se yon jounalis oswa yon blogè, yon militan dwazimen, oswa ou se oubyen yo wè w tankou yon opozan gouvènman an.

Risk pou lavi w oswa tretman malouk yon moun pa dwe sibi

W ap fè fas ak yon risk pèsonèl ke popilasyon an anjeneral pap konfronte. Pa egzanp, ou rapòte aktivite kriminèl bay lapolis ki nan zòn ou an epi kounye a kriminèl yo ap chèche w.

Risk pou itilizasyon vyolans

Ou te sibi oswa ou te sou risk pou sibi abi fizik ou mantal grav nan men otorite nan gouvènman an (sou lòd yo oswa avèk konsantman yo), pou jwenn enfòmasyon nan men w oswa pou yo bay pinisyon.