Ki kote pou fè demann azil?


Fè demann azil lè w rive nan yon ayewopò Kanadyen?

Ou ka mande azil lè w rive kanada nan ayewopò a. Ajan imigrasyon ki travay pou Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA), Ajans ki fè respekte lalwa Kanada ki responsab kontwòl fwontyè a pral fè foto w epi pran anprent ou, verifye idantite w,  fè yon kontwòl sekirite, epi poze w kèk kesyon. Epitou, yo pral di w ki lòt etap pou swiv pou aplikasyon azil ou a.

Pou ranpli premye pati demann azil ou a, yo pral swa:

  • mande w ranpli fòm aplikasyon yo nan ayewopò a avèk asistans yon ajan CBSA;
  • ba w yon randevou pou entèvyou ak yon ajan imigrasyon nan yon lòt dat pou ranpli aplikasyon an;
  • oswa yo ba w 45 jou pou ranpli fòm aplikasyon yo sou Entènèt, epi ou ka ranpli l poukont ou oswa avèk asistans legal.

Si yo ba w yon dat entèvyou ak yon ofisye imigrasyon pou ranpli pwosesis aplikasyon an, sonje ou ka jwenn yon dat entèvyou pi bonè lè w ranpli fòm aplikasyon yo sou Entènèt.


Demann azil sou fwontyè tèrès la

Si w soti Ozetazini epi w ap mande azil sou fwontyè tèrès Kanada,

 

Daprè Akò Twazyèm Peyi San Danje Kanada-Etazini (STCA) ak pwotokòl li a, ou pa ka fè yon demann sou fwontyè ofisyèl Kanadyen epi y ap voye tounen Ozetazini sof si ou kalifye pou yon eksepsyon nan akò a. STCA a aplike pou ou menm si ou te fè demann ou an nan yon pòs fwontyè tèrès ofisyèl oswa si ou travèse lòt pòs fwontyè tèrès ofisyèl yo.

 

Si w mande azil nan yon pòs fwontyè tèrès ofisyèl, ajan imigrasyon Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA), ajans ki fè respekte lalwa Kanada ki responsab kontwòl fwontyè a, pral fè foto w epi pran anprent ou, verifye idantite w epi fè yon kontwòl sekirite. Epitou yo pral poze w kèk kesyon pou detèmine si w kalifye daprè yon eksepsyon STCA epi si w ka fè yon demann azil Okanada. Si w kalifye, y ap kite w antre Kanada epi y ap ba w enstriksyon sou fason pou ou soumèt aplikasyon azil ou a. Si w pa kalifye, yo p ap kite w antre Kanada epi y ap voye w tounen Ozetazini.

 

Si w mande azil apre w fin travèse fwontyè peyi Etazini ak Kanada ilegalman nan mitan pòs fwontyè tèrès ofisyèl yo, lapolis ap arete w epi y ap poze w kesyon konsènan antre w la. Apresa, yo pral transfere w bay CBSA, ki pral swiv menm etap sa yo ki mansyone pi wo a.

 

  • Lis eksepsyon STCA yo

Daprè Akò Twazyèm Peyi San Danje Kanada-Etazini (STCA) ak pwotokòl li a, ou ka mande azil nan sou fwontyè tèrès Kanada si ou kalifye pou youn nan eksepsyon sa yo:

  • Ou se yon sitwayen Ameriken.
  • Ou se yon moun ki pa gen peyi epi w te viv Ozetazini pandan anpil tan.
  • Ou gen yon viza Kanadyen valab, yon pèmi travay oswa yon pèmi etid.
  • Ou gen mwens pase 18 an epi paran w pa Ozetazini.
  • Ou fè fas a kondanasyon amò nan peyi w oswa Ozetazini.
  • Ou gen manm fanmi pwòch k ap viv Kanada.
  • Ou te travèse fwontyè Kanada a ilegalman nan mitan pòs fwontyè tèrès ofisyèl yo epi ou te mande azil 14 jou aprè w rive Okanada;

 

 

Tcheke sit entènèt gouvènman an pou jwenn tout detay sou lis eksepsyon yo.

 

  • Pwouve lyen ou genyen avèk manm fanmi ki Kanada

Yon eksepsyon nan Akò Twazyèm Peyi San Danje Kanada–Etazini (STCA) an se gen yon manm fanmi pwòch Kanada. Ou dwe pwouve lyen ou genyen avèk manm fanmi ki deja ap viv Okanada.

STCA rekonèt yon manm fanmi kòm youn nan sa ki annapre yo:

  • madanm/mari,
  • gadyen legal,
  • pitit,
  • papa oswa manman,
  • sè oswa frè,
  • granpapa oswa grann,
  • pitit pitit,
  • tonton oswa matant,
  • neve oswa nyès,
  • yon patnè inyon lib, oswa yon mari/madanm ki gen menm sèks avèk ou.

Manm fanmi ou an dwe ap viv Okanada epi li dwe gen yon estati ki rekonèt nan peyi a. Gade sou sit entènèt gouvènman an pou jwenn yon lis detaye sou sityasyon manm fanmi ou an ki Okanada dwe genyen.

Anvan w antre Kanada:

  • Fè manm fanmi w ki Kanada konnen w ap vini.
  • Fanmi ou yo pa oblije prezan nan fwontyè a, men l ap bon si yo ka pwouve yo se manm fanmi w.
  • Si yo pa prezan, yo pral rele yo epi fè entèvyou avèk yo.

Lè w antre Kanada:

  • Montre orijinal oswa kopi dokiman idantite w, tankou paspò w, lisans ou, kat idantite nasyonal ou, batistè, oswa ak maryaj ou.

Si w nan yon inyon lib epi patnè w la Kanada:

  • Ou dwe pote prèv ke w ap viv ansanm ak patnè w la depi omwen yon ane.
  • Prèv yo ka gen ladan pwopriyete rezidansyèl nou posede ansanm, kontra lwaye ansanm, kontra lokasyon, oswa bil pou kont sèvis piblik nou gen ansanm (gaz, elektrisite, telefòn).

Mande azil anndan peyi Kanada

Si w deja Okanada epi w vle mande azil, ou dwe kreye yon kont pòtay sou sit entènèt Imigrasyon, Refijye ak Sitwayen Kanada (IRCC) epi soumèt demann azil ou a sou entènèt.

 

Sonje yon reprezantan legal ka ede w ranpli demann ou an oswa soumèt yon demann pou ou.

 

Chache konnen sa a pou fè si w pa ka soumèt demann ou an sou entènèt.