AVI ENPÒTAN
Si w soti Ozetazini epi w gen entansyon fè demann azil sou fwontyè Kanadyen an, sonje nouvo restriksyon yo anvigè depi 25 mas 2023. Plis enfòmasyon disponib nan seksyon Demann azil sou fwontyè tèrès la.
Si w ap kouri kite peyi w paske ou pè pèsikisyon oswa paske lavi w an danje, ou ka aplike pou azil o Kanada. Si yo ba w azil, ou ka resevwa estati kòm refijye ak dwa pou rete. Pou fè demann azil, ou dwe prezan fizikman o Kanada oswa w ap chèche antre nan peyi a nan yon pòs antre (ayewopò, fontyè tèrès oswa pò maritim).
Sou sit entènèt sa a, w ap jwenn resous k ap ede w konprann sistèm azil Kanadyen an.
Sou sit entènèt sa a, w ap jwenn resous k ap ede w konprann sistèm azil Kanadyen an:
- Kijan pou fè demann azil?
- Resous pou moun k ap chèche azil
- Dwa ak Devwa
- Reyinifikasyon familyal
- Sa w Dwe Konnen sou UNHCR o Kanada
Ou dwe itilize enfòmasyon sa yo tankou yon gid; yo pa konsèy legal. Si w gen kesyon, tanpri chèche asistans legal.