Dwa refijye yo


Non a refoulman

Se dwa fondamantal tout refijye. Yo pa ka depòte w oswa voye w tounen nan yon peyi kote lavi w oswa libète w ka an danje akoz ras ou, relijyon, nasyonalite w, akoz ou se manm yon gwoup sosyal patikilye oswa opinyon politik ou. Si Kanada aksepte demann ou an, ou jwenn estati “moun ki pwoteje”. Sa vle di ou ka rete Kanada, epi ou ka aplike pou vin yon rezidan pèmanan Kanada. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt sa a.


Idantite Ofisyèl

Gouvènman Kanadyen an responsab pou ba w yon dokiman idantifikasyon pou otorize w rete nan peyi a. Chak moun, kèlkeswa laj, jan oswa sèks li, dwe gen papye.

 

Si Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB) aksepte demann azil ou a, w ap resevwa yon lèt oswa yon dokiman fòmèl ou ka itilize pou pwouve estati w. Si w se yon moun ki pwoteje yo te chwazi aletranje epi ou te reyenstale kòm yon refijye Kanada, ou pral resevwa yon dokiman ki rele “Konfimasyon Rezidans Pèmanan”. Apre sa, y ap voye yon Kat Rezidan Pèmanan (yo rele tou yon kat PR). Si w se yon moun ki pwoteje paske ou te resevwa yon Evalyasyon Risk Anvan-Ranvwa pozitif, ou pral resevwa yon dokiman ki rele “Verifikasyon Estati”.

 

Yo chak nan dokiman sa yo ka itilize pou pwouve estati w Kanada.


Non a diskriminasyon

Nou tout gen dwa pou nou viv nan yon anviwònman san diskriminasyon, kèlkeswa etnisite, koulè po yon moun, sèks, lang, oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl li, andikap, relijyon, opinyon politik, nasyonalite, pozisyon sosyo-ekonomik, kote w fèt oswa nenpòt lòt atribi pèsonèl.

Chart Kanadyen Dwa ak Libète, garanti moun Kanada:

  • libète relijyon, libète panse, libète ekspresyon, libète laprès ak asanble pasifik;
  • dwa pou patisipe nan aktivite politik ak dwa pou genyen yon gouvènman demokratik;
  • dwa legal tankou dwa a lavi, libète ak sekirite;
  • dwa egalite; ak,
  • dwa lengistik.

Si w santi youn nan dwa w yo te vyole, ou ka jwenn èd lè w depoze yon plent nan tribinal oswa atravè yon komisyon dwa moun. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt Komisyon Dwa Moun Kanadyen an.


Aksè a Sèvis Labank

Refijye yo gen menm dwa a sèvis labank piblik ak prive tankou nenpòt Kanadyen. Sa vle di, ou ka ouvri yon kont labank, transfere lajan epi gen aksè a tout lòt sèvis labank yo.


Lasante

Antanke refijye, ou gen dwa a menm asirans sante sitwayen Kanadyen yo resevwa. Sèvis swen sante se responsablite chak pwovens, Pou plis enfòmasyon sou fason pou aplike pou yon kat sante nan pwovens ou an, tanpri vizite sit entènèt sa a.


Travay

Refijye yo gen dwa pou yo travay Kanada. Men, si w poko yon rezidan pèmanan oswa yon sitwayen Kanadyen, ou bezwen aplike pou yon pèmi travay oswa kontinye renouvle pèmi travay ou genyen deja jiskaske w resevwa rezidans pèmanan. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt sa.


Edikasyon

Si w gen timoun ki poko gen 18 an, yo pral otomatikman kalifye pou ale lekòl. Tout timoun Kanada gen dwa pou ale lekòl. Si ou gen 18 an oswa plis men ou poko gen estati rezidan pèmanan, ou dwe aplike pou yon pèmi etidyan pou ale lekòl. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt sa a.


Libète pou deplase

Ou gen dwa pou deplase libelibè atravè Kanada epi chwazi kote w vle abite. Si w vle vwayaje kite Kanada, ou ka aplike pou yon Dokiman Vwayaj Refijye nan men gouvènman Kanadyen an. Pou plis enfòmasyon sou fason pou aplike, tanpri vizite sit entènèt sa a.


Aksè a lajistis

Tout refijye gen dwa pou yo jwenn konsèy legal epi pou yo tande yo, san diskriminasyon. Si w gen yon pwoblèm legal ki bezwen asistans, nou konseye w kontakte Legal Aid nan pwovens ou an.


Avantaj Asistans Sosyal

Refijye yo ka kalifye pou resevwa avantaj asistans sosyal selon règleman pwovens yo. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt sa a.


Rezidans Pèmanan ak Sitwayènte

Si yo te apwouve aplikasyon azil ou a epi yo rekonèt ou kòm yon refijye, ou gen dwa pou aplike pou rezidans pèmanan nan Kanada imedyatman apre ou fin resevwa desizyon w lan. Ou ka mete pitit ki sou kont ou yo ak mari w oswa madanm ou nan aplikasyon sa a pou rezidans pèmanan, ke yo Kanada ou pa. Pou plis enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon sa a tanpri vizite sit entènèt sa a.

 

Yon refijye ka aplike pou sitwayènte nan Kanada si li te jwenn rezidans pèmanan l epi li prezan fizikman Kanada kòm yon rezidan pèmanan pandan 3 sou 5 dènye ane yo san yo pa gen kantite minimòm jou pa ane, anvan yo aplike pou sitwayènte. Jou ou te pase Kanada anvan ou vin yon rezidan pèmanan (kòm rezidan tanporè oswa moun ki pwoteje) nan entèval 5 an apre ou fin aplike pou sitwayènte, konte kòm ½ jou, jiska yon maksimòm 1 ane (365 jou). Pou plis enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon sa a tanpri vizite sit entènèt sa a.


Reyinifikasyon Familyal

Depi Gouvènman Kanadyen an rekonèt ou ofisyèlman kòm yon refijye, ou gen dwa pou mete manm fanmi ki sou kont ou yo nan aplikasyon w lan pou rezidans pèmanan.

 

Kisa reyinifikasyon familyal la ye?

Reyinifikasyon familyal se yon fason pou kenbe inite familyal nan ka kote manm fanmi refijye a ap viv deyò Kanada.

 

Ki manm fanmi ou ka mennen nan peyi a selon politik reyinifikasyon familyal?

  • Timoun ki sou kont ou;
  • Mari/Madanm oswa patnè inyon lib;
  • Timoun ki sou kont yon pitit ou ki sou kont ou.

Yo pral trete aplikasyon w yo an menm tan. Ou dwe deklare manm fanmi ki sou kont ou yo pandan pwosesis azil ou a pou yo ka kalifye, gen kèk eksepsyon ki aplike.

Si oumenm, kòm yon refijye yo rekonèt Kanada, deside pou pa ajoute manm fanmi ki sou kont ou yo nan moman pwòp aplikasyon pou rezidans pèmanan pa w la, ou pral gen jiska yon ane apati dat ou resevwa estati rezidan pèmanan pou kòmanse pwosesis la pou moun ki sou kont ou yo san w pa bezwen satisfè egzijans finansye parennaj Regwoupman Familyal la, men yo pral egzije w pou peye frè tretman yo.

Pou konnen kijan pou soumèt aplikasyon w lan pou oumenm ak manm fanmi w, tanpri vizite sit entènèt sa a.