Sa w Dwe Konnen sou UNHCR o Kanada

UNHCR, Ajans Refijye Nasyonzini an, se yon òganizasyon mondyal ki la l pou sove lavi, pwoteje dwa epi asire yon pi bon avni pou refijye yo, kominote yo fòse deplase yo ak moun ki pa gen peyi yo. UNHCR gen aktivite nan plis pase 140 peyi.

Pandan plizyè dizèn ane, UNHCR fè fas avèk kriz nan anpil peyi. Nou te bay asistans pou sove lavi moun k ap chèche azil, refijye, moun ki deplase anndan peyi yo ak moun ki pa gen peyi. UNHCR sove lavi epi asire yon pi bon avni pou plizyè milyon moun yo fòse soti kite lakay yo.

Konvansyon 1951 pou Refijye a se dokiman legal kle ki fòme baz travay nou. Dokiman sa ki te gen 145 eta Pati ki te ratifye l, pami yo Kanada, defini tèm ‘refijye’ a epi li endike dwa moun ki deplase yo, ansanm avèk obligasyon legal Eta yo genyen pou pwoteje yo. 

Biwo nou an o Kanada te ouvri pòt li an 1976 epi li travay nan kat zòn kle: 

  • Proteksyon: Nou obsève pratik ak politik azil Kanadyen yo yon fason pou ankouraje pi wo estanda pwoteksyon pou refijye ak moun k ap chèche azil. 
  • Solisyon: Nou jwenn solisyon dirab ki pèmèt refijye yo viv lavi yo nan diyite ak lapè. Yo ka gen ladan rapatriman volontè, reyenstalasyon, ak entegrasyon. 
  • Kominikasyon: Nou enfòme epi edike Kanadyen yo sou sitiyasyon refijye yo ak lòt moun ki deplase yo, e sou travay UNHCR sou tèren an. 
  • Levedfon: Nou ankouraje piblik Kanadyen an ak Gouvènman Kanada a pou yo bay pwogram UNHCR atravè lemond èd finansye. 

Kontakte nou! Si w gen kesyon sou dosye espesifik ou a oswa sou pwosesis demann azil la, tanpri kontakte nou pa imèl nan [email protected].

Tanpri sonje o Kanada UNHCR pa patisipe nan divès pwosesis ki gen rapò avèk ka endividyèl yo. Ou ta dwe chèche asistans nan men youn nan anpil òganizasyon ki nan lis nan gid sa a si w bezwen èd avèk demann azil ou a.

UNHCR Kanada pa ofri sèvis dirèk pou moun k ap chèche azil epi l ap refere w nan lòt sèvis ki disponib Kanada pou asistans si w kontakte biwo nou yo.

Biwo prensipal nou an o Kanada se nan Ottawa li ye: 

Epitou nou genyen yon biwo satelit nan Monreyal, Quebec: 

Sit entènèt