Dwa moun k ap chèche azil yo


Non a refoulman

Yo pa ka depòte w oswa voye w tounen nan yon peyi kote lavi w oswa libète w ka an danje akoz ras ou, relijyon w, nasyonalite w, akoz ou se manm yon gwoup sosyal patikilye oswa opinyon politik ou. Sa a se dwa fondamantal tout refijye ak moun k ap chèche azil. Nan peyi Kanada, pandan w ap tann yon desizyon sou demann azil ou a, yo pa ka depòte w nan peyi kote w soti a. Menm si ou antre nan peyi a san yon viza oswa san yon pèmi antre, yo pa ka depòte w toutotan yo poko konsidere aplikasyon azil ou a. Epitou Kanada deside pa depòte moun nan sèten peyi li kwè yo pa an sekirite. Menmsi yo rejte demann azil ou epi ou se yon sitwayen youn nan peyi sa yo, yo p ap depòte w. Yo mete lis peyi sa yo ajou regilyèman epi ou ka jwenn li la.

Men, tanpri sonje si w soti Etazini epi ou vle mande azil sou fwontyè Kanada a, gen kèk restriksyon ki anvigè. Daprè Akò Twazyèm Peyi ki an Sekirite Kanada-Etazini (STCA) an ak Pwotokòl li a, ou pa ka fè yon demann sou fwontyè Kanada a epi y ap voye w tounen nan peyi Etazini, sof si ou kalifye pou yon eksepsyon nan Akò a. Tanpri gade nan seksyon Demann azil sou fwontyè tèrès la nou an pou jwenn plis detay.


Non a penalizasyon

An jeneral, moun ki antre Kanada san yo pa gen yon viza antre oswa san yo pa pase nan pòs fwontyè ofisyèl yo ka fè fas a yon sanksyon. Sanksyon sa a pa aplikab pou moun ki fè yon demann azil.

 

Men, tanpri sonje daprè Akò Twazyèm Peyi ki an Sekirite Kanada-Etazini (STCA) an ak Pwotokòl li a, ou pa ka fè yon demann sou fwontyè Kanada a epi y ap voye w tounen nan peyi Etazini, sof si ou kalifye pou yon eksepsyon nan Akò a. Tanpri gade nan seksyon nou an Demann azil sou fwontyè tèrès la pou jwenn plis detay.

Si w mande azil apre w fin travèse fwontyè peyi Etazini ak Kanada ilegalman nan mitan pòs fwontyè tèrès ofisyèl yo, lapolis ap arete w epi y ap poze w kesyon konsènan antre w la. Apresa, yo pral transfere w bay Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA), ajans ki fè respekte lalwa Kanada ki responsab kontwòl fwontyè. CBSA pral fè foto w epi pran anprent dwèt ou, verifye idantite w, fè yon kontwòl sekirite epi poze w kèk kesyon pou detèmine si w kalifye pou yon eksepsyon selon Akò Twazyèm Peyi ki an Sekirite a epi si w ka fè yon demann azil Okanada. Si w kalifye, y ap kite w antre Okanada epi y ap ba w enstriksyon sou fason pou soumèt aplikasyon azil ou a. Si w pa kalifye, yo p ap kite w antre Kanada epi y ap voye w tounen Ozetazini. Tanpri gade nan seksyon Demann azil sou fwontyè tèrès la  nou an pou jwenn plis detay.


Proteksyon ak azil

Daprè Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, nenpòt moun ki gen lavi l an danje nan pwòp peyi l gen dwa chèche pwoteksyon ak azil nan yon lòt peyi. Kanada se yon siyatè Konvansyon 1951 ki gen rapò avèk Sityasyon Refijye yo epi li respekte dwa endividyèl pou mande azil. Gouvènman an te mete sou pye yon sistèm ki ka evalye epi detèmine aplikasyon azil chak moun.


Idantite Ofisyèl

Gouvènman Kanadyen an responsab pou ba w yon dokiman idantifikasyon pou otorize w rete nan peyi a. Chak moun, kèlkeswa laj, jan oswa sèks li, dwe gen papye. Moun k ap chèche azil pral resevwa yon dokiman ki idantifye sityasyon l yo kòm yon moun k ap chèche azil Kanada ki gen ladan foto l ak yon nimewo idantite inik.


Non a diskriminasyon

Nou tout gen dwa pou nou viv nan yon anviwònman san diskriminasyon, kèlkeswa etnisite, koulè po yon moun, sèks, lang, oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl li, andikap, relijyon, opinyon politik, nasyonalite, pozisyon sosyo-ekonomik, kote li fèt oswa nenpòt lòt atribi pèsonèl.

Chart Kanadyen Dwa ak Libète garanti moun ki Kanada:

  • libète relijyon, libète panse, libète ekspresyon, libète laprès ak asanble pasifik;
  • dwa pou patisipe nan aktivite politik ak dwa pou yo genyen yon gouvènman demokratik;
  • libète pou deplase ak viv Kanada, epi kite Kanada;
  • dwa legal tankou dwa a lavi, libète ak sekirite;
  • dwa egalite; ak,
  • dwa lengistik.

Si w santi youn nan dwa w yo te vyole, ou ka jwenn èd lè w depoze yon plent nan tribinal oswa atravè yon komisyon dwa moun. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt Komisyon Dwa Moun Kanadyen an.


Aksè a Sèvis Labank

Moun k ap chèche azil yo gen menm dwa nan sèvis labank piblik ak prive tankou nenpòt Kanadyen. Sa vle di, ou ka ouvri yon kont labank, transfere lajan epi gen aksè a tout lòt sèvis labank yo.


Lasante

Antanke yon moun k ap chèche azil, w ap jwenn yon kouvèti avantaj swen sante tanporè limite atravè Pwogram Sante Federal Pwovizwa (IFHP) a. W ap resevwa kouvèti sa a ak prèv enskripsyon nan pwogram otomatikman lan osito w fè yon demann azil nan peyi Kanada. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt sa a.


Travay

Tout moun k ap chèche azil gen dwa pou yo travay Kanada. Ou ka aplike pou yon pèmi travay lè w tcheke kaz ki la pou sa a nan fòm aplikasyon azil ou a. Yon fwa yo wè w kalifye pou fè yon demann azil epi ou fin fè egzamen medikal ou, Imigrasyon, Refijye ak Sitwayènte Kanada (IRCC) pral otomatikman trete epi ba w yon pèmi travay. Pou evite reta, asire IRCC toujou genyen adrès ou genyen aktyèman.

 

Ou ka chanje adrès ou sou entènèt. Si w pa t tcheke kaz la premye fwa ou te ranpli aplikasyon w lan oswa ou bezwen renouvle pèmi travay ou, ou ka aplike sou entènèt.

 

Pou plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn pèmi oswa pou pwolonje yon pèmi travay, tanpri ale sou sit entènèt ki annapre a.


Edikasyon

Si w gen timoun ki poko gen 18 an, yo pa bezwen pèmi etidyan. Yo pral otomatikman kalifye pou ale lekòl lè w rive Kanada. Aksè nan lekòl gratis pou timoun. Si w gen 18 an oswa plis epi w vle etidye, ou ka aplike pou yon pèmi etid pou w ale lekòl pandan w ap tann yon desizyon sou demann ou an. Pou plis enfòmasyon sou aplikasyon pou etidye nan peyi Kanada tanpri vizite sit entènèt sa a.


Libète pou deplase

Ou gen dwa pou deplase libelibè atravè Kanada epi chwazi kote w vle abite. Sonje yo ka mande w pou prezante w nan enstitisyon gouvènman yo detanzantan, e pafwa yo ka mande w pou fè sa anvan w gen dwa deplase. Si obligasyon pou prezante a aplikab nan ka pa w la, asire w ou revize yo avèk anpil atansyon epi fè otorite yo konnen nenpòt chanjman nan adrès ak nimewo telefòn. Se pou asire w yo ka kontakte w si gen nenpòt chanjman oswa enfòmasyon yo bezwen pandan y ap trete demann azil ou a. Tanpri pale avèk avoka w anvan w demenaje ale nan yon lòt pwovens si w patko gen odyans sou azil ou a nan Komisyon Imigrasyon Refijye a.

 

Epitou tanpri sonje yon moun k ap chèche azil pa ka kite Kanada (pandan yon ti tan) pandan y ap trete aplikasyon azil li a.


Aksè a lajistis

Tout refijye ak moun k ap chèche azil yo gen dwa pou yo jwenn konsèy legal epi pou yo tande yo, san diskriminasyon. Si w pa gen ase lajan epi w vle jwenn sèvis gratis yon avoka, kontakte biwo Asistans Legal nan pwovens ou a.


Avantaj Asistans Sosyal

Moun k ap chèche azil yo ka kalifye pou resevwa avantaj asistans sosyal selon règleman pwovens yo. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt sa a.