Kisa ki pral pase apre ou fin fè demann azil?

Premye etap nan pwosesis azil la se detèminasyon kalifikasyon an. Apre w fin fè demann azil la, ofisyèl gouvènman yo pral verifye idantite w, fè yon kontwòl sekirite epi fè yon entèvyou pou detèmine si w kalifye pou yo refere dosye w bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB), tribinal ki responsab pou pran desizyon sou dosye refijye yo.

 

Demann azil ou a ka pa kalifye pou yo refere l bay IRB si, pa egzanp:

  • ou te fè yon demann anvan Kanada ke yo te rejte, abandone, retire oswa yo te wè li pa kalifye;
  • yon lòt peyi kote ou ka retounen san kè sote te rekonèt ou kòm yon refijye Konvansyon;
  • ou te fè yon demann sou fwontyè tèrès, sof si ou kalifye pou yon eksepsyon daprè Akò Twazyèm Peyi San Danje (STCA);
  • ou te fè yon demann azil anvan Ozetazini, Wayòm Ini, Ostrali oswa Nouvèl Zeland.

 

Ou ka jwenn lis konplè rezon ki fè ou pa kalifye yo sou sit entènèt gouvènman an.

 

Si w vin Kanada pou mande azil, yo mande idantifikasyon pou oumenm ak manm fanmi w ki akonpaye w pou pwouve ki moun ou ye epi montre ki lyen nou genyen. Ou ka pwouve ki moun ou ye lè w prezante bay otorite yo nenpòt nan dokiman idantite ki annapre yo (orijinal oswa kopi):

  • Paspò
  • Lisans
  • Kat Idantite Nasyonal
  • Batistè (tankou batistè timoun yo)
  • Ak maryaj
  • Nenpòt lòt dokiman enpòtan

 

Ou dwe kolabore konplètman pou fasilite pwosesis azil ou a lè w:

  • Reponn kesyon otorite Kanadyen yo.
  • Eksplike otorite Kanadyen yo kijan ou te rive Kanada.
  • Montre otorite Kanadyen yo nenpòt dokiman ou te itilize pandan vwayaj la, kit se bon oswa fo dokiman.
  • Bay dokiman ki pwouve idantite w.

 

Si w detwi oswa kache dokiman idantite w pou pa kolabore avèk otorite Kanadyen yo, sa ap fè yo pran plis tan pou jwenn idantite w epi sa ka mete w nan risk pou yo arete w.

Si demann ou an kalifye:

Si yo wè w kalifye pou fè yon demann azil, yo pral voye dosye w la bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye (IRB). IRB se yon tribinal administratif endepandan ki responsab pou pran desizyon sou dosye refijye yo. IRB ap evalye kè sote ou genyen akoz pèsekisyon epi deside si yo ka rekonèt ou kòm yon refijye Kanada.

 

Fòm Baz Demann lan (BOC) se yon dokiman enpòtan anpil w ap bezwen ranpli anvan odyans ou an, ki pral sèvi kòm prèv.

 

Fòm BOC a se kote ou bay enfòmasyon sou tèt ou epi eksplike poukisa ou pè tounen nan peyi w. Pa egzanp, ou dwe bay detay sou sa ki te rive w nan peyi w, si w te mande otorite yo pou pwoteje w nan peyi w, si w te deplase ale nan yon lòt pati nan peyi w pou jwenn sekirite epi poukisa w te deside pati nan moman sa a. Li enpòtan pou di laverite, epi ou ta dwe jwenn asistans legal pou ranpli fòm nan.

 

Si w deja Kanada epi w kòmanse demann azil ou a nan peyi Kanada (pa nan yon pò antre), ou dwe soumèt fòm BOC w la lè w soumèt demann azil ou a sou entènèt atravè pòtay la.

 

Si ou te fè yon demann azil nan yon pò antre (ayewopò, fwontyè tèrès), ou dwe konnen gen yon dat limit pou soumèt fòm BOC a. Ou dwe soumèt li nan lespas 45 jou apre jou egzamen kalifikasyon w lan fini, epi y ap ba w Dokiman Demann Pwoteksyon pou Refijye w la (’’papye koulè mawon’’ ki gen foto w sou li a). Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou BOC sou sit entènèt IRB a.

 

Nou konseye w ranpli fòm BOC a avèk asistans yon avoka.

 

Pandan odyans lan, IRB pral evalye aplikasyon w lan pou l deside si w kalifye pou pwoteksyon refijye Kanada. Tout odyans yo te pwograme pou fèt sou entènèt, eksepte pou ka ijan ak ka ki sansib anpil yo ke yo pral tande an pèsòn. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou odyans yo sou sit entènèt IRB a.

 

Si w se yon moun ki fè demann azil k ap prepare pou odyans ou an, li Gid pou Demann Azil Mwen an pou prepare w oswa anrejistre nan seyans enfòmasyon Ready Tour la.

 

Nan sètèn sikonstans, IRB ka aksepte yon demann pou pwoteksyon refijye san yon odyans atravè yon evalyasyon sou papye. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis evalyasyon dosye sou sit entènèt IRB a.

 

Si demann ou an pa kalifye pou yo refere l bay IRB:

Ou ka gen aksè, nan kèk ka, pou aplike pou yon Egzamen Risk Anvan Ranvwa (PRRA). Atravè pwosesis sa a, Imigrasyon, Refijye ak Sitwayènte Kanada (IRCC) pral evalye kè sote pou pèsekisyon ou genyen an epi deside si yo ka rekonèt ou kòm yon refijye Kanada.