Kiyès ki ladan l?

Twa enstitisyon gouvènman an patisipe nan pwosesis azil la:

Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB) se pi gwo tribinal administratif endepandan Kanada. Li responsab pou pran desizyon ki byen rezone sou zafè imigrasyon ak refijye, avèk efikasite, jistis e selon lalwa. Yon fwa ou fè demann azil ou a avèk otorite yo (IRCC oswa CBSA), IRB pral pran desizyon sou demann azil ou a epi sou si w kalifye pou pwoteksyon refijye nan peyi Kanada.

  • Telefòn: +1-613-995-6486
  • Sit entènèt
  • Adrès: 344 Slater Street, 12th Floor, Ottawa, ON Canada K1A 0K1
  • Lè yo ouvè: lendi a vandredi soti 8:30 am jiska 4:30 pm

Biwo rejyonal:

Rejyon Lès: Monreyal

  • Adrès: 200 René-Lévesque Boulevard West, Guy Favreau Complex, East Tower, Room 102, Montreal, Quebec H2Z 1X4
  • Telefòn: +1-514-283-7733 or +1-866-626-8719

 

Rejyon Santral: Toronto

  • Adrès: 74 Victoria Street, Suite 400, Toronto, Ontario, M5C 3C7
  • Telefòn: +1-416-954-1000

 

Rejyon Lwès: Vancouver

  • Adrès: Suite 1600, Library Square, 300 West Georgia Street, Vancouver, B.C., V6B 6C9
  • Telefòn: +1-604-666-5946 or +1-866-787-7472

 

Calgary, Winnipeg, Edmonton

  • Telefòn:
    • +1-866-787-7472
    • oswa +1-604-666-5946

Imigrasyon, Refijye ak Sitwayènte Kanada (IRCC), yon depatman nan gouvènman Kanadyen an, trete premye etap demann azil ou a si ou te soumèt demann azil ou anndan peyi Kanada e se pa nan yon Pò Antre. Epitou se IRCC ki trete pèmi travay ou ak renouvèlman Dokiman Demandè Pwoteksyon Refijye w la si l te ekspire.

  • Telefòn: +1-888-242-2100
  • Sit Entènèt
  • Lè yo ouvè: Liy telefòn yo ouvè lendi a vandredi soti 8è nan maten rive 4è nan aprèmidi (lè zòn pa w la)

CBSA se yon ajans gouvènman lwa federal ki responsab kontwòl fwontyè, respè lwa imigrasyon, ak sèvis ladwàn nan peyi Kanada. Si w te fè yon demann azil nan ayewopò a, sou fwontyè tèrès a oswa si w te travèse fwontyè a ilegalman pou antre Kanada, CBSA se òganizasyon gouvènman an ki pral kòmanse trete demann azil ou a.

  • Telefòn
    Apèl nan peyi Kanada
    Rele gratis +1-800-461-9999
    Apèl ki pa nan Peyi Kanada
    W ap peye frè kominikasyon long distans
    +1-204-983-3500
    +1-506-636-5064
  • Imel: [email protected]