Rejwenn nou pou n ka mete fen a vyolans kont fanm ak tifi pou n ka garanti jistis, pwoteje sivivan yo e mete fen a enpinite.
Anpil fanm ak tifi ki rive nan peyi Meksik te oblije kite lakay yo pou yo te ka pwoteje tèt yo kont vyolans, menas oswa diskriminasyon. Sou wout la, Fanm ak tifi epi fanmi yo ka fè fas a nouvo risk.
Pou rezon sa a, FNUAP, ACNUR, Save the Children ak Médecins du Monde prezante w Gid Dwa ak Pwoteksyon nan kontèks mobilite, kote w ap jwenn enfòmasyon pou w ka rekonèt dwa w, idantifye posib baryè e konnen kibò ou ka mande enfòmasyon
Telechaje twa gid yo:
Sonje: Vyolans pap janm fòt ou. Ou pa pou kont ou. Chèche Èd ka fè la diferans.
Antre an kontak avèk ACNUR gratis nan tout Meksik
📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 email: [email protected]