Transpò

Ou ka deplase nan Repiblik Dominikèn ak mwayen sa yo:

Metro de Santo Domingo

Metro de Santo Domingo (Tren Sen Domeng) la gen de liy, pifò ladan yo se moun nan kominote a ki itilize yo pou yo ale travay oswa nan nenpòt lòt aktivite. Liy 1 an soti nan nò pou rive nan sid pase sou avni Máximo Gómez, soti nan zòn Villa Mella pou rive Centro de los Héroes, kote Kongrè a, Kou Siprèm Lajistis ak Direksyon Jeneral Migrasyon an ye. Liy 2 a soti nan lès pou rive nan lwès nan avni John F. Kennedy. Yon tikè ale retou koute RD$15.00 peso dominiken, plis RD$40.00 ale retou, oswa RD$80.00 pou yon jou. Li fonksyone chak jou soti nan 6:00 nan maten jiska 10:30 nan lannwit.

Taksi

Taksi yo fasil pou jwenn nan vil la oswa anndan peyi a, jeneralman deyò estasyon tren oswa otobis prensipal yo oswa nan plas piblik yo. Nan vil yo, ou ka rele sèvis taksi dirèkteman. Lè w rele, mande operatè a pou l konfime koulè veyikil la, nimewo veyikil la ak tan yo panse l ap pran pou l rive. Konfime tou tarif pou kote w prale a anvan vwayaj la.

Santo DomingoApolo Taxi (809-537-0000) Aero Taxi (809-788-0000) Taxi Popular (809-599-8888)
SantiagoEmiTaxi (809-581-3000) Monumental (809-581-0002) Ermita Taxi (809-736-8484)
Punta CanaBavaro Punta Cana (829-641-1139) Beron Taxi (809-466-1133) Bavaro Punta Cana (809-552-0617)
Puerto PlataTaxi Junior Puerto Plata (809-868-0432) VIP POP (809-586-3330) Puerto Plata City Taxi (829-765-6963)

UBER

UBER nan Repiblik Dominikèn depi lane 2015 epi kounye a l ap opere nan twa gwo vil: Santo Domingo, Santiago ak Puerto Plata. Ou ka jwenn aksè lè w telechaje aplikasyon an sou telefòn pòtab ou.

Otobis

Ou ka deplase nan peyi a nan otobis ki konekte pwovens prensipal nan peyi a. Pri yo varye ant RD$200.00 ak RD$500.00 pou ale sèlman. Asire w rive pou pi piti yon èdtan anvan otobis la deplase pou rasire w jwenn plas pou w chita.

Metro ToursYo fè vwayaj ale Santo Domingo, Santiago, Puerto Plata, Sosúa, La Romana ak Pòtoprens, Ayiti.
Caribe ToursLi konekte Santo Domingo, Santiago, Puerto Plata, Sosúa, Barahona, La Vega, Montecristi, Samaná ak lòt vil nan Repiblik Dominikèn.
Expreso BávaroLi konekte Santo Domingo ak Bavaro.