Lajan

Lajan legal aktyèlman nan Repiblik Dominikèn se peso dominiken an.

 Lè w rive an Repiblik Dominikèn, ou dwe achte peso dominiken. Pou sa a, ou ka ale nan yon biwo echanj oswa nan yon bank epi louvri yon kont. Evite achte dola nan men moun oswa kote ki pa fyab.

Tou depann kote w soti pou vin Repiblik Dominikèn, lajan w la ap gen yon valè diferan.

Ou ka sèvi ak lyen sa a pou w konnen konbyen peso dominiken ou ka resevwa daprè lajan w genyen an: (Gade zouti konvètisè lajan an)

Sonje valè yo ka chanje chak jou. Ou ka wè to dola aktyèl la nan tout peyi a atravè Bank Santral Repiblik Dominikèn: (Klike la a pou wè to dola a)