Kiyès ki yon moun k ap fè demann pou estati refijye?

Yon moun k ap fè demann pou estati refijye se yon moun ki eksprime devan otorite dominiken yo laperèz li genyen pou l retounen nan peyi orijin li, men leta dominiken poko deside sou demann li a.

Ki dwa moun k ap fè demann pou estati refijye yo genyen?

  • Pwoteksyon kont retounen fòse (retounen) nan peyi orijin nan jiskaske yo pran yon desizyon final sou ka yo a.
  • Resevwa enfòmasyon ki klè, gratis epi atan sou pwosedi pou mande estati refijye a.
  • Libète pou deplasman ak dwa pou yo pa arete yo (Atik 134 Lwa Migrasyon 284-04).
  • Remèt CONARE tout prèv ki valab pou sipòte demann nan.
  • Revandike desizyon CONARE si yo rejte demann nan.
  • Dwa ak yon entèprèt nan lang yo oswa yon lang yo kapab konprann.

Ki obligasyon moun k ap fè demann pou estati refijye genyen?

  • Bay tout enfòmasyon ki idantifye yo, di laverite epi pa kache enfòmasyon ki enpòtan.
  • Bay epi fasilite esplikasyon sou reyalite ak rezon pèsonèl demann yo a.
  • Reponn tout kesyon yo poze yo epi bay tout dokiman ki ka sèvi kòm prèv pou sipòte agiman yo.
  • Byen jistifye rezon ki fè yo antre ilegal, si sa a nesesè
  • Fè konnen nenpòt chanjman nan moun ki fòme fanmi an (nesans, maryaj, divòs, elatriye)
  • Pa fè aktivite ki entèdi pou etranje epi evite kite Repiblik Dominikèn.
  • Bay enfòmasyon sou kote yo rete epi fè ONR konn nenpòt chanjman nan espas de (2) jou.