Kiyès ki yon moun refifye?

Yon refijye se yon moun ki te fòse kite peyi orijin li oswa kote li te rete abityèlman akòz sitiyasyon pèsekisyon ki vre poutèt ras, relijyon, nasyonalite, opinyon politik li oswa paske li fè pati yon gwoup sosyal. Refijye yo fè fas ak vyolasyon grav dwa moun yo genyen akòz sitiyasyon vyolans ak konfli epi yo gen yon laperèz ki byen fonde pou yo retounen nan peyi yo.

Yo rive an Repiblik Dominikèn ap chèche pwoteksyon yo pa t jwenn nan pwòp peyi yo. Gouvènman dominiken an, atravè Biwo Nasyonal pou Refijye yo (ONR, an espanyòl) ak Komisyon Nasyonal pou Refijye yo (CONARE, an espanyòl), responsab pou analize ka yo epi detèmine ki moun yo rekonèt kòm refijye nan peyi a. Pwosedi a konplètman konfidansyèl, sa a vle di enfòmasyon yo pataje ak otorite imigrasyon yo ap sèvi sèlman pou enstitisyon sa a epi yo p ap pataje yo ak lòt moun deyò, ni tou ak otorite nan peyi orijin moun ki fè demann nan. Pwosedi sa a pèsonèl epi gratis, li pa nesesè pou pase pa yon lòt moun.

Dwa:

  • Pwoteksyon kont retounen fòse nan peyi orijin nan.
  • Dwa ak dokimantasyon, an patikilye pèmi imigrasyon.
  • Dwa pou reyinifikasyon fanmi.
  • Aksè pou jwenn travay nan peyi a.
  • Dwa ak sekirite sosyal.
  • Libète pou deplasman.
  • Dwa ak yon entèprèt nan lang yo ak nenpòt espesyalis ki nesesè pou fasilite kominikasyon an ak otorite dominiken yo, epi
  • Nenpòt lòt dwa etranje ki gen estati regilye nan peyi a ap jwi.

Obligasyon:

  • Evite fè aktivite yo entèdi pou etranje yo.
  • Di laverite epi pa kache okenn enfòmasyon ki enpòtan.
  • Byen idantifye manm fanmi yo oswa moun ki depann yo epi bay enfòmasyon ki enpòtan sou yo.
  • Fè konnen nenpòt chanjman nan moun ki fòme fanmi an (nesans, maryaj, divòs oswa nenpòt lòt chanjman ki gen rapò).
  • Bay enfòmasyon sou kote yo rete (adrès egzak) epi fè konnen nenpòt chanjman nan lespas de (2) jou.
  • Fè konnen entansyon pou yo kite Repiblik Dominikèn, tann otorizasyon an epi bay enfòmasyon sou pwosesis retounen an.
  • Renouvle dokiman imigrasyon yo chak ane epi respekte Konstitisyon ak lwa Repiblik Dominikèn yo.