UNHCR/ACNUR Repiblik Dominikèn

UNHCR Dominican Republic - Èd pou refijye, moun k ap fè demann azil ak moun k ap chèche yon solisyon pou zafè nasyonalite.

Byenvini sou sitwèb UNHCR/ACNUR la, Ajans Nasyonzini pou Refijye nan Repiblik Dominikèn. UNHCR, Ajans Nasyonzini pou Refijye a, se yon ajans imanitè Asanble Jeneral Nasyonzini te kreye nan lane 1950. Kòm manm Sistèm Nasyonzini a, nou aplike Ajanda 2030 Objektif Devlopman Dirab la, yon apèl inivèsèl pou poze aksyon pou mete fen ak povrete, pwoteje planèt la epi amelyore lavi ak pèspektiv moun yo nan mond la.

  • N ap mennen yon inisyativ entènasyonal pou pwoteje moun ki oblije kite kay yo akòz konfli ak pèsekisyon.
  • N ap travay tou pou rasire moun ki rete san nasyonalite yo ak moun ki riske rete san nasyonalite yo jwenn solisyon ki gen rapò ak nasyonalite.

UNHCR se yon òganizasyon mondyal ki dedye tèt li nan sove lavi moun, pwoteje dwa epi bati yon pi bon avni pou moun k ap fè demann azil, moun ki refijye ak moun k ap chèche yon solisyon nan zafè nasyonalite.

Tout sèvis UNHCR ak patnè li yo konplètman gratis.

Nou kreye sit entènèt sa a pou pataje enfòmasyon sou travay nou menm ak patnè nou yo ap fè nan Repiblik Dominikèn.

Y ap aktyalize sit entènèt la detanzantan.