Kisa pou w fè nan ka dezas natirèl?

Repiblik Dominikèn nan pozisyon wout siklòn, tanpèt twopikal, depresyon twopikal ak tout konsekans yo, epi li ekspoze ak katastwòf natirèl fenomèn natirèl yo lakòz. Anplis, tranblemanntè ka pase.

Nan Repiblik Dominikèn, Sant Operasyon pou Ijans (COE, an espanyòl) se enstitisyon ki responsab pou planifye epi dirije kowòdinasyon enstitisyon nan Sistèm Nasyonal la pou Prevansyon, Diminisyon ak Repons ak Dezas.


Kisa pou w fè nan ka yon siklòn?

Anvan siklòn nan
  • Konsilte otorite Pwoteksyon Sivil yo pou konnen si w nan yon zòn danje
  • Pwoteje fenèt yo ak pòt yo epi sekirize pòt deyò yo ak twati yo
  • Rasire w bagay ki lach sou do kay la tankou antèn, tank dlo oswa liy pou tann rad yo bien chita
  • Gen yon twous premye swen, radyo, lanp, pil, balèn ak zouti bazik
  • Dekonekte aparèy elektrik yo
  • Sere dokiman enpòtan yo nan yon valiz ki pa pran dlo
  • Rasanble veso pou sere ase dlo
  • Fè pwovizyon manje ki p ap gate pandan plizyè jou
  • Genyen nimewo telefòn ak kontak pwoteksyon sivil lokal la
  • Konnen ki kote ki gen yon abri pwovizwa
Pandan siklòn nan
  • Rete lakay ou toutotan w santi w an sekirite
  • Kite kay la si otorite yo deside sa a
  • Pa travèse larivyè oswa kouran dlo lapli fè, ni lè w ap mache oubyen nan machin
  • Rete nan kote yo bay abri a toutotan se sa a otorite yo deside
Aprè siklòn nan
  • Rasire w tout moun nan fanmi an byen
  • Revize kondisyon kay yo, ansanm ak enstalasyon kouran, tiyo dlo ak tib gaz yo
  • Enfòme otorite yo si kay la te afekte
  • Debouche dlo ki bloke pou evite pil marengwen
  • Fokis plis sou règ lijyèn nan manje yo

 


Kisa pou w fè nan ka yon tranblemanntè?

Anvan yon tranblemanntè
  • Toujou gen yon twous premye swen, flach, radyo ak pil. Kenbe pwovizyon manje ak dlo
  • Fè yon plan pou w konnen kisa pou w fè ak ki kote pou reyini aprè tranbleman an sispann. Chèche kote ki pi an sekirite nan kay ou a.
Pandan yon tranblemanntè
  • Pa kouri kite kote w ye a pandan tranblemanntè a. Rete lwen fenèt, miwa oswa etajè ki gen bagay sou yo ki ka tonbe. Pa janm kanpe anba kan pòt yo
  • Si w ap kondwi, pake machin nan lwen poto limyè ak kab yo toutotan w kapab. Kanpe bò kote machin nan, pa janm rete anndan oswa anba machin nan.
Aprè yon tranblemanntè
  • Fèmen tiyo gaz, tiyo dlo ak limyè yo. Si gen moun ki blese, mande otorite yo èd. Si w oblije evakye, pa retounen jiskaske w verifye kote a sekirize.
  • Pa limen ni alimèt ni aparèy elektrik toutotan w pa rasire w pa gen okenn fwit gaz. Pa manje manje ki te an kontak ak vè kase, pousyè, debri oswa nenpòt lòt bagay ki ka kontamine
  • Limen radyo a pou w tande enstriksyon yo. Evite kwè nan mesaj tèks oswa rimè k ap kouri. Sèvi ak telefòn nan sèlman nan ka ijans