Kòman pou mande refij an Repiblik Dominikèn?

Nenpòt moun etranje ki an Repiblik Dominikèn epi ki gen yon laperèz byen fonde pou yon bagay pa rive li, atenn entegrite oswa sekirite pèsonèl li nan peyi orijin li, gen dwa soumèt yon demann pou estati refijye devan sistèm azil dominiken an. Demann sa a dwe soumèt nan lespas 15 jou aprè li antre nan peyi a.

Biwo Nasyonal pou Refijye yo (ONR, an espanyòl) responsab pou resevwa demann pou estati refijye yo. Yo dwe bay biwo a tout dokiman posib ki sèvi kòm sipò pou demann nan. UNHCR/ACNUR ap kapab ba yo konsèy legal gratis sou pwosedi demann pou estati refijye a epi akonpanye yo nan pwosesis sa a.

Komisyon Nasyonal pou Refijye yo (CONARE, an espanyòl) se otorite entè-enstitisyon ki responsab pou detèmine ki moun ki benefisye estati refijye. Li dwe byen evalye epi san diskriminasyon demann yo epi bay yon repons pozitif oswa negatif.

Kondisyon pou fè demann estati refijye an Repiblik Dominikèn:

  1. Fòk moun nan la a sou teritwa Repiblik Dominikèn nan: yo ka fè otorite nan èpòt yo, waf ak fwontyè yo konnen volonte yo pou fè demann pou estati refijye a. Demann sa a dwe fèt nan lespas 15 jou aprè yo fin antre nan peyi a. 
  2. Rasanble tout dokiman yo kapab: ki gen ladann,
    • Paspò oswa kat idantite nasyonal. Si yo pa gen yon dokiman, yo ka fè yon deklarasyon sou sèman devan Biwo Nasyonal pou Refijye yo (ONR, an espanyòl);
    • Sètifika medikal ki sètifye si moun k ap fè demann nan gen yon maladi ki ka enfekte oswa kontajye moun;
    • Kat (4) foto paspò fas ak de (2) foto pwofil;
    • Temwayaj alekri ki eksplike poukisa yo pa kapab retounen nan peyi yo; epi
    • Nenpòt dokiman enpòtan yo genyen disponib epi ki ka sipòte demann nan (foto, sètifika, videyo, rapò, elatriye)
  3. Ale nan Biwo Nasyonal pou Refijye yo ki nan Malecón Center, Avenida George Washington No. 662, Premye etaj, epi pote dokiman yo mansyone nan nimewo 2 anlè a).
  4. Ranpli yon fòmilè nan ONR: Lè yo remèt fòmilè sa a ak dokiman ki nesesè yo, demann pou estati refijye a ofisyèl.
    • Entèvyou ak ONR: Moun k ap fè demann pou estati refijye yo ap patisipe nan yon entèvyou kote yo pral mande yo enfòmasyon sou evènman ki te lakòz yo kite peyi yo. Tout enfòmasyon yo pataje nan entèvyou a ap rete konfidansyèl epi yo p ap pataje sa a ki di nan entèvyou a ak moun deyò oswa ak otorite peyi orijin moun yo oswa peyi kote yo t ap pèsekite yo a. Li vrèman enpòtan pandan entèvyou a pou moun k ap fè demann yo eksplike tout bagay ki te pase, youn aprè lòt; sa a ki te fè yo kite peyi yo epi ki eksplike laperèz yo genyen pou retounen nan peyi yo. Nan fen entèvyou a, moun k ap fè demann yo dwe siyen yon transkripsyon entèvyou a pou sètifye yo te rakonte istwa yo. 
  5. Prèv demann pou estati refijye a: Y ap bay yon prèv ki pèmèt moun ki fè demann yo rete sou teritwa dominiken an jiskaske yo pran yon desizyon final sou demann nan. Sètifika sa a garanti yo rete legal nan peyi a tanporèman pandan otorite yo ap analize ka yo a. Dokiman sa a pwoteje moun ki fè demann yo kont depòtasyon nan peyi kote lavi yo an danje a. Sètifika a gratis epi yo bay tout moun li, tankou ti gason ak tifi. Li obligatwa pou yo toujou mache ak li epi renouvle l nan ONR chak 30 jou.
  6. ONR ap voye demann nan ak enfòmasyon yo kolekte nan entèvyou a bay CONARE pou yo evalye epi pran desizyon sou ka a.

Li enpòtan pou nou presize moun k ap fè demann refij la, ki gen dokiman sa a, pa gen otorizasyon pou fè okenn travay peye.