Sante Piblik

COVID-19

Akòz ijans sante ak karantèn gouvènman Repiblik Dominikèn nan deklare, UNHCR ap ranfòse mezi preparasyon, prevansyon ak repons li kont COVID-19. Nan moman sa a, li enpòtan pou redwi kontak sosyal epi frennen pwopagasyon viris la, ak jefò tout sosyete a ansanm.

Haz click para reproducir informaciones clave sobre el COVID 19:

Kolera

Kolera se yon enfeksyon nan entesten yon bakteri ki rele Vibrio cholerae bay e ki lakòz anpil dyare dlo ak vomisman. Si li pa trete, kolera ka lakòz lanmò akòz dezidratasyon (pèt dlo ak sèl nan kò a) nan kèk èdtan.

Ki sentòm yo?

Yo parèt ant 2 ak 5 jou aprè enfeksyon an:

  • Poupou oswa twalèt dlo anpil, menm jan ak dlo diri
  • Vomisman
  • Vant fè mal (nan vant)
  • Dezidratasyon

Kòman li transmèt?

Li nan twalèt ak vomisman moun ki enfekte yo. Kolera antre nan bouch:

  • Lè nou manje manje oswa bwè dlo ki kontamine
  • Ak men ki sal
  • Lè gen kontak ak vomisman oswa twalèt ki enfekte

Mwayen prevansyon:

Lave men

  • Byen lave men w ak dlo ak savon
    • Anvan w manje
    • Lè w rive lakay
    • Aprè w sot nan twalèt
    • Pou prepare manje yo
    • Aprè w fin chanje panmpèz sou tibebe
    • Aprè w fin retire twalèt oswa vomisman yon kote

Manje

  • Netwaye pwodwi nan bwat epi ki nan anbalaj yo ak klowòks anvan w louvri yo
  • Manje manje ki byen kwit
  • Byen lave fwi ak vejetal yo
  • Kenbe kote w ap fè manje a pwòp
  • Kouvri manje yo lè w fin prepare yo pou pwoteje yo kont mouch

Bwè dlo

  • Si w pa gen mwayen pou bwè dlo nan galon, mete 5 gout klowòks nan chak galon dlo ki klè epi kite l poze pandan 30 minit anvan w bwè l. Aprè w fin trete l epi bwè l, pwoteje l pou l pa kontamine.

Sous: Ministè Sante Piblik Repiblik Dominikèn (2022)