Premye etap nan pwosesis azil la se detèminasyon kalifikasyon an. Apre w fin fè demann azil la, ofisyèl gouvènman yo pral verifye idantite w, fè yon kontwòl sekirite epi fè yon entèvyou pou detèmine si w kalifye pou yo refere dosye w bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB), tribinal ki responsab pou pran desizyon sou dosye refijye yo.
Demann azil ou a ka pa kalifye pou yo refere l bay IRB si, pa egzanp:
- ou te fè yon demann anvan Kanada ke yo te rejte, abandone, retire oswa yo te wè li pa kalifye;
- yon lòt peyi kote ou ka retounen san kè sote te rekonèt ou kòm yon refijye Konvansyon;
- ou te fè yon demann sou fwontyè tèrès, sof si ou kalifye pou yon eksepsyon daprè Akò Twazyèm Peyi San Danje (STCA);
- ou te fè yon demann azil anvan Ozetazini, Wayòm Ini, Ostrali oswa Nouvèl Zeland.
Reklamasyon ou an ka pa kalifye pou yo refere l bay IRB a si ou te fè reklamasyon ou an nan oswa apre 3 Jen 2025 EPI :
- Ou te rive Kanada apre 24 Jen 2020 epi ou te fè reklamasyon w lan plis pase yon ane apre (si ou te antre Kanada plis pase yon fwa apre 24 Jen 2020, premye dat antre w la se dat y ap pran an konsiderasyon), oubyen
- Ou te travèse fwontyè Kanada-Etazini an yon fason iregilye epi ou te mande azil apre 14 jou.
Pou w konnen si w kalifye pou aplike pou azil dapre lwa sa yo, ou ka itilize zouti Migrant Rights Network la.
! Remak: Kounye a, minè ki pa akonpaye (moun ki poko gen 18 an, nan Kanada, yon paran oswa yon adilt legalman responsab pou yo nan moman y ap fè reklamasyon yo a) yo egzante de de dènye inelijibilite ki nan lis la.
Ou ka jwenn lis konplè rezon ki fè ou pa kalifye yo sou sit entènèt gouvènman an.
