Kiyès ki yon moun refijye?

Yon moun refijye se yon moun ki te oblije kite peyi li paske li te an danje. Sa ka rive akoz:

  • Lagè
  • Vyolans
  • Pèsekisyon

✅ Dapre lalwa nan Meksik, ou se yon moun refijye si:

  • Ou pè pou yo pèsekite w akoz ras ou, relijyon ou, nasyonalite ou, sèks ou, opinyon politik ou oswa paske ou fè pati yon gwoup sosyal.
  • Ou deyò peyi ou epi ou pa gen pwoteksyon gouvènman ou.
  • Lavi ou, sekirite ou oswa libète ou an danje akoz:
    • Vyolans jeneralize
    • Konfli ame
    • Konfli ame
    • Sitiyasyon ki boulvèse lòd piblik la

⚠️ Egzanp risk:

  • Ekstòsyon, menas, agresyon fizik oswa vyolans seksyèl gang oswa gwoup ame fè:
    • Paske ou refize kolabore avèk yo
    • Paske ou pa peye lajan ekstòsyon (“derecho de piso”)
    • Paske ou pa aksepte vin patnè yon moun nan gwoup la
    • Paske ou te temwen yon krim
  • Diskriminasyon oswa agresyon akoz relijyon ou, opinyon politik ou, nasyonalite ou oswa orijin etnik ou.
  • Vyolans fizik oswa seksyèl akoz idantite jan ou oswa oryantasyon seksyèl ou (moun LGBTIQ).
  • Vyolans nan fanmi (patnè, ansyen patnè oswa manm fanmi).
  • Yo pran kay ou, tè ou oswa byen ou nan men ou.
  • Yo fòse w fè pwostitisyon oswa marye kont volonte w.
  • Konfli ame oswa vyolans grav nan kominote ou.

ℹ️ Kiyès ki ka ede w nan Meksik?

  • COMAR: Komisyon Meksiken pou Èd Refijye (li trete demann pou rekonesans estati refijye).
  • ACNUR: Si ou se yon moun refijye, ou panse ou ka yon moun refijye, oswa ou bezwen enfòmasyon, kontakte ACNUR nenpòt kote ou ye nan Meksik:

📞 Nimewo gratis:: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 Si w ap rele depi deyò Meksik, konpoze +52 anvan)
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Imèl: [email protected]

Ou ka jwenn nou tou sou Facebook kòm @ConfíaEnElJaguar