Konsèy ak resous

Pa bliye 5 rekòmandasyon sa yo

  1. Dokiman: Mache avèk orijinal epi 2 kopi chak dokiman yo.
  2. Paspò oswa Dokiman idantite ak vwayaj (DIV): Mache avèk orijinal epi 2 kopi paj kouvèti ak tout paj paspò a ou byen dokiman idantite ak vwajay la.
  3. Pèyman: Ou dwe fè pèyman an an peso meksiken e se sèlman nan bank w ap ka fè l.
  4. Dire pèyman an: Si w peye men ou pat fè pwosedi a, pèyman ou a ap valid pou 5 lane. Men si pri pwosedi a monte ou dwe peye diferans la.
  5. Pa peye moun: Ou pa bezwen peye okenn moun pou l fè pwosedi a pou ou. ACNUR ka oryante w gratis oswa li ka mete w an kontak avèk lòt òganizasyon sè k ap ka ede w gratis.  

⏯️ Materyèl odyovizyèl

Nan videyo sa yo n ap eksplike w:

Sètifika de bòn vi e mès
Fòmilè DNN-3

Nan ACNUR nou ka oryante w gratis nan tout pwosesis natiralizasyon ou a.

📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Oswa sou imel sa a[email protected]

<< Natiralizasyon