Sa yo se dwa ak obligasyon moun ki fè demann pou estati refijye yo nan Meksik.
Yo pap depòte w
Yo pa gen dwa depòte okenn refijye oswa yon moun ki fè demann pou estati refijye nan peyi l pandan y ap travay sou aplikasyon l lan.
Konfidansyalite
Yo pa dwe devwale anyen sou ou san pèmisyon w.
Pa gen diskriminasyon
Pou okenn rezon: ras, sèks, relijyon oswa nasyonalite.
Dwa pou w gen enfòmasyon
Jwenn enfòmasyon sou demach yo, epi gen aksè ak dosye w.
Entèvyou pèsonèl.
Yon fonksyonè nan COMAR ap pase w entèvyou pèsonèlman.
Entèprèt
Si w pa pale espayòl, ou gen dwa pou w gen yon entèprèt k ap tradui pou ou.
Demach yo gratis
Demach pou w fè demann estati refijye nan peyi Meksik la totalman GRATIS.
Pèsonn pa dwe egzije w peye anyen.
Revizyon
Ou gen dwa mande pou yo revize ka pa w la, si w te jwenn yon repons negatif (ou gen 15 jou ki gen travay pou w fè demann revizyon an).
Reprezantan legal.
Etranje yo gen dwa pou yo fè demann estati refijye a pèsonèlman, oubyen yo kapab itilize yon reprezantan legal.Si w te itilize yon reprezantan legal pou w kòmanse demach yo, ou dwe konfime demann ou an nan twa pwochen jou travay yo.
Aplikasyon pèsonèl oswa an gwoup
Ou ka kòmanse demach ou yo pou tèt ou sèlman, oubyen an gwoup, si w te vini ak fanmi w.
Sispann demach yo
Enpòt lè w vle, ou gen dwa ekri pou w fè konnen ou pa vle kon tinye ak demach yo ankò.
Kontakte ACNUR
Ou ka kontakte Ajans Refijye Nasyonzini (Agencia de la ONU para los Refugiados) (ACNUR) pou enfòmasyon ak konsèy.
📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Oswa sou imel sa a: [email protected]
⌚ Men orè travay yo:
Lendi a jedi: 9:00 nan maten a 4:30 nan laprèmidi
Vandredi: 9:00 nan maten a 2:00 nan laprèmidi
Bay enfòmasyon ki egzak e ki konplè
Es importante que en tu solicitud hables con la verdad, y con el mayor detalle posible. Recuerda que COMAR no te conoce.
Siyati
Ou dwe ale siyen nan biwo COMAR oswa nan biwo imigrasyon kote ou te kòmanse pwosedi ou a pou w ka anrejistre vizit ou yo nan dat ke yo di w yo.
Rete nan eta kote ou te kòmanse demach yo
Rete nan zòn ou te fè demann ou an. Si w ta renmen deplase pou w al nan yon lòt zòn, ou dwe fè demann otorizasyon nan COMAR. Se pou w sonje si w deplase san otorizasyon COMAR, y ap sispann konsidere ka w la.