“Registro Federal de Contribuyentes” oswa RFC a se “Servicio de Administración Tributaria” (SAT) ki bay li, e li ekzijib pou w genyen l pou ke yon antrepriz kapab ba w travay e pou w ka genyen yon travay fòmèl pa ekzanp.
Si w pral travay de fason fòmèl e w ap touche yon salè anyèl ki pi piti pase 400.000 pesos, ou dwe genyen “RFC simple” la.
Sonje ke tout pwosesis la gratis. Ou pap peye yon pyas ni pou w pran randevou a, ni pou w fè pwosesis la.
Premye pa. Pran randevou
Pou w pran randevou a, ou ka ale dirèkteman nan biwo SAT ki nan eta kote w ap viv la ou byen ou ka fè l sou entènèt sou sit https://citas.sat.gob.mx/
💡Si w pran randevou a sou entènèt, ou dwe anrejistre l avèk opsyon “Inscripción al padrón de contribuyentes Personas Físicas”.
Dezyèm pa. Ale nan biwo SAT
Ale a lè nan biwo SAT avèk konfimasyon randevou w la avèk original e kopi dokiman sa yo:
- CURP ki a jou (konsilte si CURP la a jou sou lyen sa a https://www.gob.mx/curp/ ).
- Comprobante de domicilio (ki ka yon resi kouran ki pwouve nan ki adrès w ap viv)
- Dokiman ke imigrasyon ba ou, tankou:
- Si w fè demann kondisyon refijye: prezante ak pwotokòl la oswa dokiman ki montre ke yo rekonèt ou kòm refijye ke COMAR ba ou ak dkiman imigrasyon kote yo otorize kondisyon sejou vizitè pou rezon imanitè avèk pèmi ki pèmèt ou fè aktivite pou w antre kòb.
- Si w se yon refijye oswa yon moun ki genyen pwoteksyon konplemantè ki rekonèt pa COMAR : ou dwe prezante avèk kat rezidans pèmanan w oswa dokiman imigrasyon ki montre ke yo rekonèt ou kòm rezidan pèmanan e ou dwe genyen pèmi ki pèmèt ou fè aktivite pou w antre kòb.
👀 Pou w ka fè pwosesis w ap bezwen genyen yon imel pèsonèl. Si w pa ta genyen yonn, rantre sou lyen sa a pou n ka montre w kòman pou w kreye l ¿cómo puedes crear una cuenta de correo electrónico?
Si w bezwen plis enfòmasyon, nan ACNUR nou ka oryante w gratis. Kontakte nou!
📞 Rele nou gratis nan: 800 226 8769 oswa nan 800 283 2718
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950