Kontakte COMAR
Enstitisyon gouvènman Meksik la mete sou pye ki rele Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados (COMAR) la gen objektif pou l egzamine demann moun fè pou yo ka rekonèt yo kòm refijye nan peyi a.
Pa bliye, tout sèvis COMAR yo gratis.
Premye kontak: COMAR nan Vil Meksik ap fè pwosedi prerèjis pou mande estati refijye nan biwo li nan Naucalpan.
📌 Adrès: Calle de Los Remedios #21, San Luis Tlatilco, C.P. 53630, Naucalpan de Juárez, Edo. Méx.
Kòmansman pwosedi a ak swivi pwosesis la nan biwo COMAR nan Vil Meksik nan Iztapalapa.
📌 Adrès: Calle 10 No. 167, Col. Granjas San Antonio, Alcaldía Iztapalapa, CP 09070.