6 etap k ap pèmèt ou idantifye fo piblikasyon sou rezo sosyal yo

Move enfòmasyon se yon zam envizib ki mete lavi ak sekirite moun an danje, pafwa piblikasyon yo fè sou rezo sosyal yo nou kouri pataje ak lòt moun otomatikman yo, san nou pa verifye yo, oubyen san nou pa chèche konnen si nou ka fè yo konfyans, se yon seri manti k ap fè fo pwomès pou twonpe moun, epi menm kidnape yo, pou fè yo tonbe nan rezo bandi k ap fè trafik moun. Daprè yon rapò, nan ane 2021 an, moun k ap fè trafik moun yo te itilize rezo sosyal yo kòm mwayen prensipal pou pran plis viktim, e se imigran yo plis ap chèche.

Se poutèt sa, semèn sa a, n ap prezante w yon seri etap k ap ede w pou w pa ni kwè ni pataje tout nouvèl oswa piblikasyon yo voye pou ou, konsa w ap aprann rekonèt fo enfòmasyon yo e w ap sispann pataje yo.

1. Pa pataje mesaj ou pa konn sous yo.

Mesaj, odyo, videyo oswa imaj ou pa konn sous yo.

Lè nou wè yon piblikasyon nou renmen, ki fè sans pou nou, oubyen nou panse ki enpòtan, premye bagay nou anvi fè se pataje l. Pran anpil prekosyon ak enfòmasyon ou pa konn sous yo, an jeneral, nou pa pran tan pou n chèche konnen si nou ka fè yo konfyans, nou pa menm konnen ki moun ki dèyè piblikasyon sa yo e n pa konn entansyon yo. Lè w sispann pataje yo, ou pa jis pwoteje tèt ou kont fwod, ou pwoteje moun ou renmen tou.

2. Pran enfòmasyon nan sous ou ka fè konfyans.

Si pandan jounen an, ou pa gen tan pou w chèche plis enfòmasyon sou sous la (moun oswa paj wèb ki pibliye atik la), jis pataje nouvèl ak piblikasyon ki soti nan sous ou konnen, sous ki fyab tankou jounal, sit Entènèt, jounalis ak moun ki gen eksperyans sou sijè a. Ou ka fè rechèch sou non otè a oswa non sit Entènèt la nan nenpòt motè rechèch, epi verifye enfòmasyon ou jwenn nan.

3. Verifye ki moun ki pibliye enfòmasyon ou jwenn nan.

Si enfòmasyon an pa gen okenn sous, gen gwo chans pou se yon fo enfòmasyon. Gen anpil videyo k ap sikile nan rezo sosyal yo ki montre moun k ap bay enfòmasyon, men yo pa janm bay sous enfòmasyon yo.

4. Li tout nòt la, pa sèlman tit la.

Anpil fwa, tit la se jis pou atire lektè a, men se pa pou ba l enfòmasyon. Verifye tout enfòmasyon an.

5. Verifye dat piblikasyon an.

Gen kèk paj ki pibliye enfòmasyon ki te parèt nan ane ki pase yo, men yo veye pou enfòmasyon sa yo byen mache ak sitiyasyon n ap viv kounye a, sèlman pou plis moun ka vizite paj yo oswa suiv yo; se sa k fè w dwe verifye ke sous la fyab e dat la resan.

6. Konpare enfòmasyon an ak lòt sous enfòmasyon

Si nouvèl ou te wè a pa sot nan yon sous ki fyab, li pa gen dat, e se yon sèl medya ki pataje l, gen anpil chans pou enfòmasyon sa a fo. Anvan ou kontinye epi w pataje l, chèche nan lòt sous. Pa ni kwè ni pataje rimè.

Sonje se pa tout sa ou jwenn sou Entènèt ki verite. Evite pataje piblikasyon ou pa verifye, oubyen ou pa konn rezon ki fè yo pibliye l.

Ann met ansanm pou n konbat fo enfòmasyon.

Tout enfòmasyon ou jwenn nan nòt sa a soti nan dokiman ak rapò Ajans Nasyonzini yo, UNODC ak UNESCO pibliye. Pou w ka jwenn plis enfòmasyon, nou pataje lyen sa yo avè w kòm referans.