Vyolans konsènan jan yon moun

Kòm yon aktè nan sektè imanitè a, ak yon manda pwoteksyon, UNHCR pran angajman pou bay priyorite ak aksyon ki gen rapò ak prevansyon, diminisyon ak repons fas ak vyolans konsènan jan yon moun epi pou kreye mekanis pou bay repons ki satisfè nesesite moun ki viktim yo.

Vyolans konsènan jan yon moun (GBV, an anglè) se yon vyolasyon grav dwa moun epi yon pwoblèm sante piblik grav. Pifò ka vyolans konsènan jan yon moun yo pa rapòte, men nou konnen yo rive nan tout kalite kontèks. Tout moun k ap mande azil, moun ki refijye, moun ki san nasyonalite, moun ki riske rete san nasyonalite, moun ki oblije deplase kite kay yo pou ale yon lòt kote anndan peyi yo ak moun yo retounen nan peyi yo (yo rele tout moun sa yo moun UNHCR ofri sèvis li) gen risk pou yo soufri vyolans konsènan jan yon moun, kèlkeswa laj yo, jan yo ak lòt konsiderasyon divèsite yo genyen.

Ki sa ki vyolans konsènan jan yon moun?

Vyolans seksyèl ak vyolans konsènan jan yon moun gen rapò ak nenpòt zak ki fèt kont yon moun ki baze sou nòm jan yon moun ak relasyon pouvwa ki pa egalego. Sa a gen ladann:

  • Vyolans domestik ak vyolans anndan fanmi an
  • Agresyon fizik
  • Move tretman sikolojik, emosyonèl ak manipilasyon
  • Asèlman ak agresyon seksyèl
  • Kontrebann ak trafik moun
  • Maryaj bonè

Ki kote pou chèche èd?

Si w se yon viktim vyolans konsènan jan yon moun epi w bezwen konsèy ak/oswa enfòmasyon sou sèvis ak asistans (legal, fizik, sikolojik), ou ka kontakte UNHCR epi mande sipò nan men Moun ki responsab Vyolans konsènan jan yon moun nou an.

Si w gen yon ijans Vyolans konsènan jan yon moun, kontakte youn nan nimewo ijans yo.

 Gade lyen: Nimewo pou ijans

Plent ak aksè ak lajistis

Vyolans konsènan jan yon moun, vyolans domestik ak agresyon seksyèl se krim. Se poutèt sa a, ou dwe repòte li. Ou kapab fè sa a atravè Biwo Entegral pou Atansyon ak Vyolans konsènan jan yon moun, Vyolans Domestik ak Krim Seksyèl nan Ministè Piblik la (Fiscalia, an espanyòl).

Gade enfòmasyon kontak yo:

Ministerio Público, República Dominicana (2017)