Nan anpil sosyete, moun ki lesbyèn, gay, biseksyèl, transjan, entèseksyèl oswa keer (LGBTIQ+) fè fas ak diskriminasyon, pèsekisyon ak vyolans chak jou. Nan kèk peyi, relasyon moun menm sèks se yon krim, pafwa ak pèn lanmò kòm pinisyon. Sa a souvan kite anpil moun LGBTIQ+ yo san okenn lòt opsyon pase chèche azil nan yon lòt peyi. Men, menm nan peyi azil yo, yo ka kontinye fè fas ak ofans ak abi. Gen lòt moun laperèz paralize yo, y ap soufri an silans epi y ap eseye kache oryantasyon seksyèl yo oswa idantite jan yo nan fè jefò pou evite danje ki kapab rann yo plis vilnerab. Nan dènye peryòd 10 lane ki sot pase yo, kantite refijye ak moun k ap mande azil LGBTIQ+ yo ogmante e pifò nan yo kalifye kòm “manm yon gwoup sosyal patikilye” selon Konvansyon ki gen rapò ak Estati Refijye 1951 an, ki defini tèm “refijye” a, dekri dwa yo epi etabli obligasyon legal leta yo pou pwoteje yo.
UNHCR ap travay pou eseye pwoteje tout moun refijye yo, moun k ap mande azil, moun ki oblije kite lakay yo pou ale yon lòt kote anndan peyi yo ak moun ki pa gen nasyonalite ki LGBTIQ+ epi li travay ak kèk patnè pou bay sèvis san patipri, pwoteje dwa yo epi idantifye opsyon ki sekirize.
Ki kote pou chèche èd?
Si w se yon moun LGBTIQ+ ki gen yon laperèz byen fonde pèsekisyon, ki te kite peyi orijin ou epi/oswa w pè pou lavi w oswa libète w, epi w bezwen konsèy ak/oswa enfòmasyon sou sèvis ak asistans (legal, fizik, sikolojik), ou ka kontakte UNHCR epi mande sipò.
Si w gen yon ijans akòz oryantasyon seksyèl ou oswa idantite jan w, kontakte youn nan Nimewo ijans yo.
UNHCR ede moun LGBTIQ+ ki gen bezwen pwoteksyon entènasyonal epi k ap chèche yon solisyon nan zafè nasyonalite pou jwenn aksè ak sipò legal, medikal, sikososyal, lojman nan ka ijans, asistans imanitè, lajan kach pou plizyè bagay ak kontribisyon pou sèvis fineray epi, kote sa a posib, y ap chèche lòt altènativ pwoteksyon nan yon anviwònman ki an sekirite kote yo ka san danje ak vrè idantite yo.