Si yo wè w kalifye pou fè yon demann azil, yo pral voye dosye w la bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye (IRB). IRB se yon tribinal administratif endepandan ki responsab pou pran desizyon sou dosye refijye yo. IRB ap evalye kè sote ou genyen akoz pèsekisyon epi deside si yo ka rekonèt ou kòm yon refijye Kanada.
Fòm Baz Demann lan (BOC) se yon dokiman enpòtan anpil w ap bezwen ranpli anvan odyans ou an, ki pral sèvi kòm prèv.
Fòm BOC a se kote ou bay enfòmasyon sou tèt ou epi eksplike poukisa ou pè tounen nan peyi w. Pa egzanp, ou dwe bay detay sou sa ki te rive w nan peyi w, si w te mande otorite yo pou pwoteje w nan peyi w, si w te deplase ale nan yon lòt pati nan peyi w pou jwenn sekirite epi poukisa w te deside pati nan moman sa a. Li enpòtan pou di laverite, epi ou ta dwe jwenn asistans legal pou ranpli fòm nan.
Si w deja Kanada epi w kòmanse demann azil ou a nan peyi Kanada (pa nan yon pò antre), ou dwe soumèt fòm BOC w la lè w soumèt demann azil ou a sou entènèt atravè pòtay la.
Si ou te fè yon demann azil nan yon pò antre (ayewopò, fwontyè tèrès), ou dwe konnen gen yon dat limit pou soumèt fòm BOC a. Ou dwe soumèt li nan lespas 45 jou apre jou egzamen kalifikasyon w lan fini, epi y ap ba w Dokiman Demann Pwoteksyon pou Refijye w la (’’papye koulè mawon’’ ki gen foto w sou li a). Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou BOC sou sit entènèt IRB la ak sou dat limit aktyèl yo isit la.
Nou konseye w ranpli fòm BOC a avèk asistans yon avoka.
Pandan odyans lan, IRB pral evalye aplikasyon w lan pou l deside si w kalifye pou pwoteksyon refijye Kanada. Tout odyans yo te pwograme pou fèt sou entènèt, eksepte pou ka ijan ak ka ki sansib anpil yo ke yo pral tande an pèsòn. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou odyans yo sou sit entènèt IRB a.
Si w se yon moun ki fè demann azil k ap prepare pou odyans ou an, li Gid pou Demann Azil Mwen an pou prepare w oswa anrejistre nan seyans enfòmasyon Ready Tour la.
Nan sètèn sikonstans, IRB ka aksepte yon demann pou pwoteksyon refijye san yon odyans atravè yon evalyasyon sou papye. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis evalyasyon dosye sou sit entènèt IRB la ak sou dat limit aktyèl yo isit la.
Tanpri gade seri senk videyo a pou konprann wòl Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB).
