Avètisman: Kontrebandye yo ka ba w fo enfòmasyon sou vwayaj la oswa kondisyon tan yo. Lè w peye pou yon sèvis, sa a pa garanti ou ka fè sèvis la konfyans. Pran prekosyon epi konnen risk ki genyen yo. Epitou ou kapab gade nan paj Risk ki genyen lè w travèse fwontyè a san otorizasyon a pou plis enfòmasyon nan fwontyè a.
Kisa trafik moun ye?
- Trafik moun se eksplwatasyon moun pou pwofi, tankou travay fòse oswa eksplwatasyon seksyèl. Sa a fèt palafòs, fwod, oswa menas. Viktim yo soufri gwo chòk fizik, sikolojik ak emosyonèl. Kontrèman ak kontrebann, moun ki viktim trafik yo anjeneral pa dakò ak sa a. Anpil nan viktim yo se fanm ak tifi.
! Avètisman: Kontrebann moun ka lakòz trafik moun!
Moun ki rantre nan kontrebann yo fè fas ak risk pou yo viktim trafik moun, swa pandan oswa apre pwosesis kontrebann nan. Sou wout la, ou ka rankontre moun ki ofri w travay oswa lòt opòtinite ki sanble bon. Sepandan, se pa tout moun ki onèt, epi gen kèk moun ki ka eseye pwofite sitiyasyon w. Pa egzanp, yo ka pwomèt ou yon kote pou ou rete, transpò, oswa manje gratis, pou yo sèvi ak sa kòm yon mwayen pou fòse w fè aktivite seksyèl, travay oswa lòt sèvis ou pa dakò. Epitou yo ka eseye fè w mal oswa vòlè dokiman w yo oswa zafè ou yo tou.
Gen siy ou ka chèche pou ou pwoteje tèt ou ak fanmi w. Pa egzanp, fè atansyon si yon moun:
- Mande paspò w oswa lòt dokiman idantifikasyon (sof si se otorite piblik yo, tankou nan pòs kontwòl imigrasyon yo);
- Mande telefòn ou, laptòp ou oswa lòt mwayen kominikasyon w yo; à
- Eseye separe w ak fanmi w oswa lòt moun w ap vwayaje avèk yo;
- Ofri w yon dyòb ki sanble twò bèl pou l ta laverite;
- Fè presyon sou ou pou ou fè travay, sèvis oswa sèks (tankou pou ou peye ‘dèt’);
- Ofri w asistans – tankou manje – sèlman si ou bay ‘sèvis’ pou sa a;
- Pwomèt pou ede w enskri, demenaje oswa reyenstale w nan yon lòt peyi pou lajan (sof pou depans transpò nòmal yo);
- Anboche w men li pa peye w, oswa li peye w sèlman yon pati nan sa li te pwomèt la;
- Anboche w men li pa ba w bon kondisyon travay oswa li limite libète w pou ou soti. Pa egzanp, li pran dokiman w yo oswa li fèmen w akle nan yon chanm.
Men kèk demach ou ka fè pou ou rete an sekirite:
- Rete vijilan epi swiv pwòp entwisyon w konsènan moun ou pa konnen.
- Toujou mache ak dokiman w Mete kopi yo sou telefòn ou epi voye yo bay yon moun ou fè konfyans.
- Konnen byen òf travay nan Kanada souvan vini ak yon lèt òf alekri ak/oswa yon kontra.
- Kenbe kontak ak fanmi w ak lòt moun ou fè konfyans.
- Konnen dwa ou yo ak kote ou ka jwenn èd.
- Chèche enfòmasyon serye nan sous ou fè konfyans.
Si w ap chèche yon kote pou ou rete:
- Si ou se yon moun k ap chèche azil, gade nan paj sa a.
- Di yon moun ou fè konfyans ki kote w ap rete epi kay ki moun w ap rete.
Si ou kwè ou se yon viktim trafik moun, oubyen ou sispèk yon lòt moun se viktim trafik moun, gen resous konfidansyèl ki pou ede ou:
- Si w nan yon danje imedya oswa ou bezwen asistans ijans, rele 911 pou ou kontakte lapolis Kanadyen an.
- Pou sipò konfidansyèl ki gen rapò ak trafik moun, Liy Dirèk Kanadyen Kont Trafik Moun nan disponib 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn, an Anglè ak an Fransè nan nimewo 1-833-900-1010 oswa ou ka itilize fonksyon Chat la sou sitwèb yo a: Sa Nou Fè – Liy Dirèk Kanadyen Kont Trafik Moun.
- Liy Dirèk Kanadyen Kont Trafik Moun nan swiv yon politik “pa fè mal”, pou asire asistans yo bay viktim yo pa lakòz plis domaj san se pa sa yo te vle. Liy dirèk la ede tout moun ki nan bezwen, san diskriminasyon, epi li respekte lwa sou dwa moun Kanadyen yo pou garanti yo trete tout moun avèk respè ak jistis.