Pou w fè demann natiralizasyon an, ou dwe genyen 18 lane epi respekte kondisyon sa yo:
1. Tan rezidans nan peyi Meksik
- 2 lane si w soti nan yon peyi Amerik latin.
- 5 lane si w soti nan yon lòt peyi oswa si w apatrid.
2. Dokiman
- Kat rezidans pèmanan.
- Batistè. (Si w pa genyen l, w ap bezwen dokiman rekòmandasyon COMAR la).
- Orijinal paspò (fòk li genyen 6 mwa an vigè minimòm oswa dokiman idantite ak vwayaj ki genyen sig li an espanyòl (DIV).
- Si sa genyen mwens ke 2 lane depi yo te ba w paspò a, fè demann dokiman fli migratwa a nan imigrasyon.
- Enpresyon CURP ki an vigè ke w ap jwenn sou sit entènèt sitio web de RENAPO.
- Kat antre-sòti tan ou fè ap viv nan peyi Meksik.
- Sètifika bòn vi e mès federal ak local (Constancia de antecedentes penales federales y locales.)
- Dokiman rekòmandasyon COMAR pou natiralizasyon.
- Resi pèman Ministè Relasyon Eksteryè.
3. Ekzamen
- Istwa Meksik (sèlman moun ki genyen pwoteksyon konplemantè oswa moun ki apatrid)
- Moun ki refijye pap bezwen fè ekzamen.
- Espanyòl si peyi w pa pale espanyòl.
4. Foto
- 2 foto paspò (4.5 x 3.5 cm):
- Koulè, papè mat, fon blan.
- San zanno, san linèt, san w pa genyen anyen nan tèt ou.
✅ Si w respekte tout kondisyon yo:
- Antre sou sit entènèt Sistema Integral de Nacionalidad y Naturalización (SINNA)
- Preanrejistre w: mete enfòmasyon w epi konplete demann la (completa la solicitud DNN-3.)
- Seleksyone jou randevou ou a.
Nan ACNUR nou ka oryante w gratis nan tout pwosesis natiralizasyon ou a.
📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Oswa sou imel sa a: [email protected]
