Konnen Centro Multiservicios BC Frontera Solidaria 2025


Kisa l ye?

Centro Multiservicios Li se yon espas atansyon konplè ki ankouraje pwoteksyon, entegrasyon ak viv ansanm pou moun ki refijye, moun ki an mobilite ak kominote lokal la. 

Ki adrès li?                                                                             

Li nan Aveni Venustiano Carranza, nimewo 6250, Col. Castillo, Tijuana, B.C. anndan espas “Proyecto Salesiano” a.

De kilè a kilè yo ouvri?

Orè atansyon Lendi a Vandredi soti 9:00 a.m. a 1:00 p.m. 

Klike sou lyen sa a pou w ka wè kalandriye sèvis “Centro Multiservicios” la.

Kisa w ka jwenn?

Nan CMS la gen 23 enstitisyon (gouvènman, òganizasyon entènasyonal ak asosyasyon sivil) k ap kolabore pou fè Baja California tounen yon kote pou ka rekòmanse

Anplis de sa, sètifye kòm yon Punto Naranja, li se yon espas san danje pou fanm, asire dwa yo nan yon lavi san vyolans. 

Sèvis yo bay

  • Enfòmasyon ki veridik 
  • Jesyon dokiman (batistè,NSS,TVRH,CURP) 
  • Èd legal 
  • Travay 
  • Edikasyon (Sipò pou rantre lekòl ak èd pou revalidasyon etid yo) 
  • Swen medikal ak dantè 
  • Swen Sikolojik 
  • Lyen ak rezo de 42 refij 
  • Pwoteksyon ti fi, ti gason ak adolesan 
  • Pwoteksyon moun ki sove de vyolans 
  • Aktivite ak atelye kiltirèl yo 

Èske w te konnen yon fwa pa mwa nou gen jou enklizyon ak viv ansanm? 

Nan dènye vandredi chak mwa, aktivite atistik, kiltirèl, sante ak travay ap fèt nan enstalasyon CMS yo epi yo vize a refijye, aplikan, moun ki an mobilite ak kominote lokal la. 

Tout aktivite yo gratis epi tout moun ka patisipe. 

Konnen enstitisyon ak òganizasyon ki fè pati “Centro Multiservicios la

  1. Subsecretaría de Atención a Grupos Prioritarios (SAGP).  
  2. Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados (COMAR).  
  3. Instituto Federal de la Defensoría Pública (IFDP).  
  4. Servicio Nacional del Empleo (SNE).  
  5. Registro Civil.  
  6. Secretaría de Educación/ Programa Binacional de Educación Migrante (PROBEM).  
  7. Jurisdicción Sanitaria.  
  8. Instituto de Cultura de Baja California (ICBC).  
  9. Dirección Municipal de Atención al Migrante (DMAM).  
  10. Instituto Municipal de Arte y Cultura (IMAC).  
  11. La Agencia de Naciones Unidas para los Refugiados (ACNUR).  
  12. Proyecto Salesiano.  
  13. Centro de Recursos para Trabajadores Migrantes (CRTM).  
  14. Centro 32.  
  15. HIAS.  
  16. Asylum Access (AAMX).  
  17. Universidad Iberoamericana (Ibero).  
  18. Save the Children (STC).  
  19. Instituto de la Mujer Baja California (INMUJER BC)  
  20. Instituto Municipal de la Mujer (IMMUJER TIJUANA)  
  21. Colegio de la Frontera Norte (COLEF)  
  22. US Committee for Refugees (USCRI)  
  23. Instituto Nacional para la Educación de los Adultos (INEA).  

Chat “PALE AK NOU” an pa an sèvis pou yon ti tan

Pou dè rezon teknik chat an dirèk paj nou an pa an sèvis pou yon ti tan. W ap ka retounen kominike avèk nou nan yon tan ki pa twò long sou chat sa a.  

Nou prezante w eskiz nou pou enkonvenyan yo. Si w genyen kesyon oswa ou bezwen oryantasyon nan men ACNUR ou ka fè sa atravè kanal sa yo:

Sonje ke tout sèvis ACNUR yo gratis e konfidansyèl.

Ti mo pa m pou fyète a

Nan mwa fyète sa a nou envite kòlèg HCR nou yo nan peyi Meksik pou yo voye yon mesaj ki revandike dwa ak lit pou egalite ak respè pou moun 🏳️‍🌈LGBTIQ+🏳️‍🌈 yo, espasyalman pou moun ke n ap travay pou yo epi avèk yo. Ou menm tou, nenpòt kote ou ye nou envite w lite chak jou pou respè ke nou tout merite.

Mwa fyète sa a dwe fè nou sonje ke tout moun merite viv lib, nenpòt moun yo ye e nenpòt moun yo chwazi renmen. Se yon mwa pou nou selebre men tou se yon mwa pou nou revandike epi sonje ke, malerezman toujou genyen anpil espas ak peyi kote lavi moun LGBTIQ+ yo pa an sekirite, sa ki ka oblije yo kouri pati.

Pou mwen menm ki travay nan HCR, li vrèman enpòtan pou m kreye espas ki sekirize pou moun LGBTIQ+ ke yo fòse kouri pati, e se pa sèlman mwa sa a, men tout tan e tout kote.

Sofia, Asociada Senior de Protección

Dwa ak sèvis pou refijye ak imigran nan vil Meksiko

Genyen yon travay din e si, ale lekòl, resevwa swen sante lè w santi w pa byen oswa denonse se kèk nan dwa ke moun yo chache pi souvan lè yo rive nan yon nouvo vil.

Paspó dwa pou moun ki an deplasman

2022 | Creole

Konnen kijan pou egzèse kèk dwa moun ki ap mande kondisyon refijye ou byen azil yo, refijye, imigran ak moun ki deplase nan peyi pou ale on lòt kote chache.

Telechaje l

Kat sèvis nan vil Meksiko

2022 | Creole

Pou moun ki refijye, imigran, moun ki a deplase anndan peyi a ak meksiken ke yo voye retounen nan kapital la Ciudad de México.

Telechaje l

Vini nan sou direksyon Migran nan SIBISO pou plis enfòmasyon de lendi a vandredi de 9:00 nan maten a 6:00 nan aprè midi:

📍 Calle Fernando de Alva Ixtlilxóchitl #185 Colonia Tránsito, Código postal 06820, Alcaldía Cuauhtémoc, Ciudad de México.

📞 55 8957 3416

📧 [email protected]

Gid dwa pou fanm ayisyèn refijye

Assylum Acces Mexico (AAMX), avèk èd ONU Mujeres México mete a dispozisyon w, an kreyòl, Gid dwa pou fanm ayisyèn ki refijye Meksik.

Ou konn poze tèt ou kesyon kiyès yon moun ki refijye ye? Atravè gid sa a w ap ka konnen kiyès yon moun ki refijye ye, kisa kondisyon refijye nan peyi Meksik ye e pwosedi ke moun yo dwe swiv pou yo ka fè demann kondisyon refijye a nan peyi nou an nan COMAR.

Gid sa a montre w tou sa ou dwe konnen pou w ka travay Meksik, prestasyon sekirite sosyal, sante epi dwa aksè a edikasyon pou pitit fi w, pitit gason w elatriye.

Ou vle konnen plis sou dwa w? konnen kijan ou ka evite vyolans seksyèl ak vyolans yo fè sou moun paske yo se fanm oubyen gason, metòd planin epi kontwòl prenatal.

Pa kite sa pase, gen aksè a gid vityèl la nan Lang ou pou w kaf è respekte dwa w.

6 etap k ap pèmèt ou idantifye fo piblikasyon sou rezo sosyal yo

Move enfòmasyon se yon zam envizib ki mete lavi ak sekirite moun an danje, pafwa piblikasyon yo fè sou rezo sosyal yo nou kouri pataje ak lòt moun otomatikman yo, san nou pa verifye yo, oubyen san nou pa chèche konnen si nou ka fè yo konfyans, se yon seri manti k ap fè fo pwomès pou twonpe moun, epi menm kidnape yo, pou fè yo tonbe nan rezo bandi k ap fè trafik moun. Daprè yon rapò, nan ane 2021 an, moun k ap fè trafik moun yo te itilize rezo sosyal yo kòm mwayen prensipal pou pran plis viktim, e se imigran yo plis ap chèche.

Se poutèt sa, semèn sa a, n ap prezante w yon seri etap k ap ede w pou w pa ni kwè ni pataje tout nouvèl oswa piblikasyon yo voye pou ou, konsa w ap aprann rekonèt fo enfòmasyon yo e w ap sispann pataje yo.

1. Pa pataje mesaj ou pa konn sous yo.

Mesaj, odyo, videyo oswa imaj ou pa konn sous yo.

Lè nou wè yon piblikasyon nou renmen, ki fè sans pou nou, oubyen nou panse ki enpòtan, premye bagay nou anvi fè se pataje l. Pran anpil prekosyon ak enfòmasyon ou pa konn sous yo, an jeneral, nou pa pran tan pou n chèche konnen si nou ka fè yo konfyans, nou pa menm konnen ki moun ki dèyè piblikasyon sa yo e n pa konn entansyon yo. Lè w sispann pataje yo, ou pa jis pwoteje tèt ou kont fwod, ou pwoteje moun ou renmen tou.

2. Pran enfòmasyon nan sous ou ka fè konfyans.

Si pandan jounen an, ou pa gen tan pou w chèche plis enfòmasyon sou sous la (moun oswa paj wèb ki pibliye atik la), jis pataje nouvèl ak piblikasyon ki soti nan sous ou konnen, sous ki fyab tankou jounal, sit Entènèt, jounalis ak moun ki gen eksperyans sou sijè a. Ou ka fè rechèch sou non otè a oswa non sit Entènèt la nan nenpòt motè rechèch, epi verifye enfòmasyon ou jwenn nan.

3. Verifye ki moun ki pibliye enfòmasyon ou jwenn nan.

Si enfòmasyon an pa gen okenn sous, gen gwo chans pou se yon fo enfòmasyon. Gen anpil videyo k ap sikile nan rezo sosyal yo ki montre moun k ap bay enfòmasyon, men yo pa janm bay sous enfòmasyon yo.

4. Li tout nòt la, pa sèlman tit la.

Anpil fwa, tit la se jis pou atire lektè a, men se pa pou ba l enfòmasyon. Verifye tout enfòmasyon an.

5. Verifye dat piblikasyon an.

Gen kèk paj ki pibliye enfòmasyon ki te parèt nan ane ki pase yo, men yo veye pou enfòmasyon sa yo byen mache ak sitiyasyon n ap viv kounye a, sèlman pou plis moun ka vizite paj yo oswa suiv yo; se sa k fè w dwe verifye ke sous la fyab e dat la resan.

6. Konpare enfòmasyon an ak lòt sous enfòmasyon

Si nouvèl ou te wè a pa sot nan yon sous ki fyab, li pa gen dat, e se yon sèl medya ki pataje l, gen anpil chans pou enfòmasyon sa a fo. Anvan ou kontinye epi w pataje l, chèche nan lòt sous. Pa ni kwè ni pataje rimè.

Sonje se pa tout sa ou jwenn sou Entènèt ki verite. Evite pataje piblikasyon ou pa verifye, oubyen ou pa konn rezon ki fè yo pibliye l.

Ann met ansanm pou n konbat fo enfòmasyon.

Tout enfòmasyon ou jwenn nan nòt sa a soti nan dokiman ak rapò Ajans Nasyonzini yo, UNODC ak UNESCO pibliye. Pou w ka jwenn plis enfòmasyon, nou pataje lyen sa yo avè w kòm referans.

ACNUR pa touche pou èd li bay

Èd ak sèvis nou bay nan Ajans Nasyonzini pou Refijye yo (ACNUR) gratis, pèsonn pa ka mande w yon bagay an retou pou sèvis yo oswa pou w patisipe nan pwogram sa yo.

Nan ACNUR, nou travay pou n pwoteje moun ki te kouri kite peyi yo paske lavi yo, sekirite yo, oswa libète yo te an danje. Nan okenn ka, nou pap mande w lajan oswa anyen pou sèvis nou.

Si w deja kòmanse demach ou yo nan COMAR, oubyen ou deja gen estati refijye nan peyi a, oubyen ou deja ap resevwa yon èd kèlkonk, nou ka:

  • Ede w nan demach w ap fè nan COMAR ak demach w ap fè nan INM.
  • Ba w sipò legal gratis si ka pa w la mande sa.
  • Ba w èd pandan yon ti tan pou bezwen debaz yo.
  • Ba w oryantasyon k ap pèmèt ou etidye oubyen kontinye etid ou, jwenn aksè ak sèvis sante, fòme tèt ou oubyen gen dokiman k ap pèmèt ou jwenn travay.
  • Enfòme w sou demach ak sèvis yo bay nan peyi a.
  • Mete w an kontak ak òganizasyon ansanm ak otorite yo pou w pwoteje lavi w, sekirite w ak entegrite w pandan ti tan w ap fè nan Meksik la.

Anplis de sa, nan ACNUR nou gen pwogram entegrasyon pou refijye yo kòmanse yon nouvèl vi nan Meksik.

Sonje, tout sèvis yo GRATIS.

N ap bay chak moun sèvis youn apre lòt. Bezwen chak moun diferan, e se poutèt sa èd ACNUR bay chak moun nan diferan tou.

W ap jwenn fason pou w kontakte nou la a.

Poukisa li pi bon pou w gen yon travay fòmèl nan Meksik?

Youn nan kesyon pifò moun ki patisipe nan Pwogram Entegrasyon ACNUR yo poze pi souvan se: poukisa yo ta dwe jwenn yon travay fòmèl pou yo kapab byen entegre yo nan sosyete meksikèn nan?

Lè w gen yon travay fòmèl se yon pwoteksyon pou ou menm ak fanmi w, paske yo pral jwi avantaj lwa travay la bay, tankou:

Yon salè ki estab

W ap santi w gen lapè paske w ap gen yon kòb fiks k ap rantre chak mwa k ap pèmèt ou pran swen fanmi w. Se patwon an ki ka deside anplwaye ou, selon konpetans ou ak konesans ou. Eksperyans nou genyen nan Pwogram Entegrasyon an montre n nan sant ak nan nò peyi a gen pi bon opòtinite pou moun jwenn travay ki peye yon salè minimòm chak mwa.

Sekirite ak estabilite finansye w ap genyen lè w gen yon salè fiks pral pèmèt ou gen yon pi bon kontwòl sou depans ou yo, e lè w gen bon abitid nan fason w jere kòb ou, w ap plis konn priyorite w ak priyorite fanmi w.

Sante, IMSS

Youn nan avantaj travay fòmèl la bay, li pèmèt ou menm ak fanmi w gen dwa pou w jwenn sèvis nan Enstiti Sekirite Sosyal Meksiken an (Instituto Mexicano del Seguro Social) (IMSS), tankou swen medikal, asirans matènite ak èd materyèl, pwoteksyon kont aksidan ak maladi nan kad travay ou, asirans pou moun ki andikape ak ka lanmò, pansyon ak gadri, elatriye.

Pou w jwenn avantaj sa yo, ou dwe ale nan klinik ki pi pre a pou w fè demach pou w enskri fanmi w. Si w bezwen plis enfòmasyon, ou ka konsilte lyen sa a: http://www.imss.gob.mx/conoce-al-imss/seguros-prestaciones

Lojman, INFONAVIT

Enstiti Fon lojman nasyonal pou travayè yo (Fondo Nacional de la Vivienda para los Trabajadores) (Infonavit) genyen kòm objektif pou fè respekte dwa ak lojman pou moun gen yon meyè kalite vi. Patwon w ap fè yon kontribisyon chak de mwa nan kont lojman w, sa ki egal a 5% nan salè w, e sa ap vin tounen yon ekonomi pou ou.

Lè w rive nan limit laj ki nesesè a, w ap kapab itilize ekonomi sa yo pou w jwenn kredi epi achte yon kay nèf oswa ize, bati oswa repare kay ou a, peye yon prè ipotèk, oswa amelyore pansyon w nan moman w ap pran retrèt ou.

Pou n jwenn plis enfòmasyon sou Infonavit, ou ka ale sou lyen sa a: https://portalmx.infonavit.org.mx/

Epitou, gen kèk travay fòmèl ki ofri bon alimantè, ki bay bon pou èd oswa kantin, ou ta dwe wè sa ak patwon w pou w konn tout benefis nouvo travay ou genyen an ba ou.

Travay fòmèl la se jis youn nan kondisyon pou w ka byen entegre w nan sosyete meksiken nan, si w vle konnen plis sou pwogram entegrasyon an ak benefis li genyen pou ou ak fanmi w, ou ka li sou sa la a.

Si w enterese patisipe nan Pwogram Entegrasyon Lokal la oswa si w gen kesyon sou li, sonje ou ka kontakte nou gratis sou tout tèritwa Meksik la, lè w rele nan 800 226 8769  oswa si w prefere kontakte nou sou WhatsApp nan +52 55 7005 5950, Ou ka mande El Jaguar tou sou Facebook paske imel la disponib pou Pwogram Entegrasyon an: [email protected], se la n ap byen kontan ede w.

Fè premye pa a, sonje lakay ou se kote ou ye a.

Ki jan pou m kreye yon kont imel?

Si w deja kòmanse demach ou yo nan nenpòt enstitisyon oswa òganizasyon, tankou COMAR, INM, ACNUR oswa CONECTA, li trèzenpòtan pou w gen yon imel pou w ka fè suivi ki nesesè yo. Sou Entènèt la, gen plizyè paj ki ofri sèvis imel gratis, tankou Gmail, Outlook oswa Yahoo!

Pou ouvri yon kont imel, ou dwe suiv etap tou senp sa yo:

  • Premye sa ou gen pou w fè se konekte sou Entènèt sou yon òdinatè, tablèt oswa telefòn selilè. Ekri non youn nan sit Entènèt sa yo nan nenpòt sit Entènèt pou moun fè rechèch.
  • Sou sit Entènèt yo a, w ap wè yon bouton ki make: “Crea una cuenta”. Klike.
  • Suiv etap ki parèt sou ekran an pou w kreye kont imel ou a.
  • Non itilizatè ou chwazi a pa dwe yon non ki anrejistre sou sit Entènèt sa a deja. Apre sa, antre yon modpas. W ap bezwen kenbe enfòmasyon sa yo nan tèt ou, oubyen ekri yo pou w pa bliye yo.
  • Y ap mande w kèk enfòmasyon pèsonèl e y ap mande w pou w aksepte kondisyon sèvis y ap bay la, sa gen ladan l anrejistre oubyen itilize enfòmasyon pèsonèl ou.
  • Si w aksepte kondisyon yo, w ap wè espas pou w resevwa epi voye imel la parèt sou ekran an.

Pou w kapab konekte sou bwat imel ou alavni, w ap bezwen note adrès imel ou a ak modpas ou.

Lè w bay lòt moun oswa yon òganizasyon imel ou, w ap kapab resevwa enfòmasyon epi voye enfòmasyon, tankou mesaj tèks, dokiman oswa foto.

W ap wè etap yo nan videyo sa a:

https://fb.watch/v/31klRIsS1/

ACNUR ap travay an favè refijye yo ak kominote k ap akeyi refijye yo

Nan tèks sa a, n ap reponn kèk nan kesyon kominote a poze.

1. Ki sa ACNUR ye?

ACNUR se Ajans ONI pou refijye yo. Li gen manda pou l dirije epi kowòdone aksyon entènasyonal pou pwoteksyon refijye yo nan lemonnantye. N ap ede plizyè milyon moun ki oblije kite peyi yo sove lavi yo, epi vin gen yon pi bon avni.

2. Sa k fè imigran yo diferan ak refijye yo?

Refijye yo se moun ki sove anba konfli ame, sitiyasyon vyolans oswa pèsekisyon e ki pa ka retounen nan peyi yo paske lavi yo an danje. Yo diferan ak imigran akoz rezon ki fè yo kite peyi yo; An jeneral, imigran yo fè sa pou rezon ekonomik, oubyen pou ka ansanm ak fanmi yo, men se pa paske lavi yo an danje, e se volontèman yo kite peyi yo. Nan ka refijye yo, yo pa kite peyi yo volontèman, yo fè sa pou yo sove lavi yo.

3. Ki jan ACNUR ede refijye yo?

Si yon moun ap fè demach nan COMAR oubyen yo deja rekonèt li kòm yon refijye, ACNUR ansanm ak òganizasyon nan sosyete sivil la ap kolabore pou:

  • Ba w enfòmasyon sou demach ak sèvis yo bay nan peyi a.
  • Akonpaye w nan demach w ap fè nan COMAR ak demach ou yo nan INM.
  • Ba w sipò asistans legal gratis si ka pa w la mande sa.
  • Ba w èd pandan yon ti tan pou bezwen debaz yo. Sa ap pèmèt gen mwens moun k ap viv nan lari.
  • Ba w oryantasyon k a pèmèt ou etidye oubyen kontinye etid ou, jwenn aksè ak sèvis sante, fòme tèt ou oswa gen dokiman k ap pèmèt ou jwenn travay.
  • Mete l an kontak ak kèk òganizasyon ak otorite yo pou pwoteje lavi l, sekirite l ak entegrite l pandan ti tan l ap fè nan Meksik.

Anplis de sa, ACNUR gen pwogram entegrasyon pou refijye yo kòmanse yon nouvèl vi nan Meksik. Pa egzanp, ACNUR ede moun yo rekonèt kòm refijye e ki deplase ale nan yon lòt vil kòm moun ki gen pi gwo posiblite pou yo jwenn travay ak sèvis. Depi lè pwogram nan te kòmanse an 2016, plis pase 10,000 moun te relokalize nan vil ki nan sant ak nan nò Meksik.

4. Ki kalite èd ACNUR bay otorite yo ak kominote lokal yo?

ACNUR ede kominote lokal ki resevwa refijye yo gras a diferan pwojè ki pèmèt moun viv ansanm nan lapè, nan domèn tankou edikasyon, sante, espò ak enfrastrikti. Gras a pwojè sa yo, refijye yo ak kominote yo kapab patisipe nan aktivite ki ankouraje yo byen viv ansanm.

Pa egzanp, nan Palenque, Chiapas, men kèk aktivite yo te fè:

  • Enstalasyon 70 lanp ekleraj piblik nan PakalNa.
  • Livrezon 118 òdinatè nan lekòl nan Palenque; ladan yo, gen 58 ki te ale nan koloni PakalNa.
  • Livrezon 2 òdinatè pou Ajans Oksilyè Minisipal PakalNa a, pou ede yo aprann pi byen òganize yo.
  • Livrezon anbilans nan Palenque.
  • Konstriksyon yon dom k ap vin yon tribinal santral nan Francisco León, Ocosingo.

5. Pou ki sa gen plis refijye nan kominote mwen an chak jou?

Nan dènye ane yo, peyi Amerik Santral yo te fè fas ak sitiyasyon vyolans ki te fòse plizyè milye moun kite peyi yo pou chèche pwoteksyon, e Meksik vin tounen yon destinasyon pou anpil nan moun sa yo. Pifò moun ki mande azil nan Meksik fè sa nan sid peyi a. Ni ACNUR ni COMAR pap ede moun vin Meksik.

6. Èske dokiman COMAR bay imigran yo pwoteje yo kont otorite yo?

Non.

Sètifika COMAR bay la montre yon moun deja kòmanse demach li yo e moun sa a bezwen pwoteksyon antanke refijye, epi li pa kapab retounen nan peyi kote l soti a.

Yon lòt bò, sètifika COMAR la endispansab pou w fè Kat Vizitè pou Rezon Imanitè a nan Enstiti Nasyonal Migrasyon an (INM), ki se enstitisyon k ap regilarize sejou w nan Meksik. Sètifika ki montre ou deja kòmanse demach yo pa yon dokiman ki fè w legal antanke imigran.

Dapre lalwa, sètifika COMAR bay pou moun ki kòmanse demach yo ak kat vizit pou rezon imanitè a pral pèmèt yo gen dwa pou yo fè aktivite tankou travay, jwenn edikasyon, sante, lojman, elatriye.

7. Èske moun ki fè demann pou l vin gen estati refijye nan COMAR la oswa moun yo rekonèt kòm refijye yo gen kèk iminite oswa pwoteksyon kont otorite yo, lapolis, elatriye?

Non.

Moun ki mande pou yo gen estati refijye yo sèlman gen pwoteksyon pou yo pa retounen nan peyi yo, men si yo komèt yon krim, y ap gen menm tretman ak nenpòt moun nan Meksik, epi si yo fè sa, y ap ba yo sanksyon yo merite a.

8. Èske ACNUR ka pwoteje yon moun ki fè demach pou l gen estati refijye oswa yon refijye pou lapolis pa arete l?

Non.

ACNUR ap travay pou pwoteje moun ki sove kite peyi yo, men li pap kapab pwoteje aplikan oswa refijye yo si yo komèt yon krim. Tout moun k ap viv nan peyi Meksik dwe respekte lwa peyi a.

Nan peyi Meksik, ACNUR pa bay dokiman ki pwoteje kriminèl, oubyen ki regilarize sitiyasyon moun.

9. Si yon imigran oswa yon refijye an danje, oubyen si li gen yon pwoblèm legal ak kominote kote l ap viv la, kot ki moun pou l ale?

Otorite lokal yo, lapolis. Si w an danje, ou ka rele 911 epi mande èd. ACNUR ak COMAR kapab sèlman ba w enfòmasyon sou lwa ki an vigè nan Meksik yo. Anplis de sa, si ka w la mande sa, ACNUR kapab ede w pran kontak ak avoka ki ka ede w gratis.

10. Si yon moun k ap fè demach pou l vin yon refijye, oubyen yon refijye, gen pwoblèm ak leta, se pa ak imigrasyon, sa vle di li fè yon krim, èske ACNUR ak COMAR kapab ede l?

Non.

L ap gen pou l peye konsekans aksyon l yo jan lalwa peyi Meksik mande sa pou kounye a. UNHCR ka ede w pran kontak ak Enstiti Federal Defans Piblik (Instituto Federal de la Defensoría Pública) (IFDP) pou w ka jwenn èd legal.