Chèche gen plis enfòmasyon sou Pwogram Entegrasyon pou refijye yo ak fanmi yo

Pwogram Entegrasyon an ap chèche bay refijye yo ak moun k ap resevwa lòt kalite èd yo yon nouvo opòtinite pou yo viv nan Meksik, pou yo ka rive gen endepandans yo, epi entegre yo nèt nan sosyete a, pandan y ap bati avni yo nan peyi Meksik.

Atravè pwogram sa a, Ajans Nasyonzini pou Refijye yo (ACNUR), sosyete sivil la ak otorite meksiken yo ap ede w demenaje al nan yon lòt vil, kote w ka jwenn sekirite, travay, gen yon kay, swen sante ak edikasyon, pou w ka enstale w epi kòmanse yon nouvèl vi.

Kijan m ap fè konnen si m kapab patisipe?

Men kondisyon ou menm ak fanmi w dwe ranpli pou w antre nan pwogram nan:

  • Yo dwe rekonèt ou kòm refijye oswa kòm yon moun ki gen pwoteksyon konplemantè nan COMAR.
  • Ou dwe gen rezidans pèmanan ak CURP.
  • Omwen yon manm nan fanmi an dwe gen plis pase 18 an, e li dwe gen anvi ak kapasite pou l travay.
  • Li dwe konn pale espayòl.

E si w pa ranpli tout kondisyon yo? Pafwa, pwogram entegrasyon an aplike tou pou:

  • Moun ki bay prèv COMAR rekonèt yo, men yo poko fè demach pou yo gen rezidans pèmanan.
  • Moun ki deja mande pou yo vin gen estati refijye ak yon kat vizitè pou rezon imanitè ak CURP tanporè.

Fason pou w aplike

Si w vle aplike pou w fè pati Pwogram Entegrasyon Lokal la, ou dwe swiv etap sa yo:

  1. Rele biwo ACNUR lan pou w pran randevou. Epitou, ou ka mande ekip Programa Casa Refugiados (PCR) oswa Komite Entènasyonal Sovtaj (IRC) ou deja gen kontak ak yo.
  2. Ou dwe ale nan yon entèvyou nan ACNUR pou yo egzamine ka w la. Y ap gade ki fason yo ka ede w, epi y ap gade si ou menm ak fanmi w ka patisipe nan pwogram entegrasyon an. Nan entèvyou a, li pral trèzenpòtan pou w pale de nenpòt bezwen espesyal oswa sitiyasyon ki gen rapò ak ka w la ak ka fanmi w, konsa n ap jwenn yon pi bon èd.
  3. Apre entèvyou a, y ap fè w konnen si yo te chwazi nou pou n patisipe nan pwogram nan, e nan ki vil fanmi w ka pi byen entegre yo.

Avantaj pwogram nan

Lè w patisipe nan Pwogram entegrasyon an, sa gen gwo avantaj pou ou menm ak fanmi w, objektif la se pou nou rive byen entegre nou yon fason ki pi senp ak bay satisfaksyon nan sosyete meksiken an, men avantaj ki pi enpòtan yo:

  • Y ap ba w mwayen pou w jwenn transpò terès pou ou menm ak fanmi w ka ale nan vil y ap entegre nou an.
  • Èd finansye pou w jwenn lajan pou w achte manje pou vwayaj ou.
  • Lojman pou yon peryòd maksimòm 7 jou, annatandan ou jwenn yon kote pou w viv ak kè poze.
  • Èd ekonomik tanporè pou ede w kouvri depans debaz yo pandan premye mwa a nan nouvo vil la. Kantite lajan an depann de kantite manm ki nan fanmi an.

Anplis de sa, y ap ba yo konsèy pou yo kapab:

  • Chèche travay fòmèl
  • Chèche opòtinite travay pou moun ki vle travay, epi kontinye etid yo
  • Jwenn aksè ak sèvis sante yo
  • Antre nan lekòl piblik yo
  • Jwenn sètifika pou etid yo oswa reyalize yon mizajou akademik pou moun ki gen plis pase 15 an yo
  • Jwenn aksè ak pwogram sosyal, tankou bank manje, aktivite kiltirèl, espò ak bous etid.
  • Fè demach nan imigrasyon (jwenn konsèy sou kesyon legal si sa nesesè)

Li enpòtan pou n souliye menmsi n ap gen sipò ACNUR ak lòt òganis k ap kolabore ak nou yo, pou nou ka rive gen yon entegrasyon ki satisfezan, tout moun ki nan pwogram nan dwe pran responsablite yo, tankou kolabore nan chèche travay ak lojman nan nouvo vil yo ale a, pwofite opòtinite ak sèvis yo jwenn gras a PIL la, epi pa neglije dokiman yo oswa al itilize èd ekonomik nou resevwa yo.

Si w enterese patisipe nan Pwogram Entegrasyon Lokal la oswa si w gen kesyon sou li, sonje ou ka kontakte nou gratis sou tout tèritwa Meksik la, lè w rele nan 800 226 8769  oswa si w prefere kontakte nou sou WhatsApp nan +52 55 7005 5950, Ou ka mande El Jaguar tou sou Facebook paske imel la disponib pou Pwogram Entegrasyon an: [email protected], se la n ap byen kontan ede w.

Tout djòb nou jwenn gras a patisipasyon nou nan Pwogram Entegrasyon an se travay fòmèl.