Ki lè yon moun se yon refijye?

Yon moun refijye se yon moun ki te oblije kite peyi li paske lavi li te an danje. Sa ka rive poutèt: 

  • Lagè
  • Vyolans
  • Pèsikisyon

✅ Dapre lwa Meksik la, ou se yon refijye si:

  • Ou pè yo pèsikite w poutèt ras ou, relijyon ou, nasyonalite ou, sèks ou, opinyon politik ou oswa gwoup sosyal ou fè pati.
  • Ou deyò peyi w epi ou pa ka jwenn pwoteksyon nan men gouvènman w.
  • Lavi w, sekirite w oswa libète w an danje poutèt:
    • Vyolans jeneralize
    • Konfli ame
    • Vyolasyon grav dwa moun
    • Sitiyasyon ki kraze lòd piblik

⚠️ Egzanp risk:

  • Ekstòsyon, menas, bat oswa vyolans seksyèl pa gang oswa gwoup ame:
    • Paske ou refize kolabore
    • Paske ou pa peye “dwa pou pase”
    • Paske ou refize vin patnè yon moun nan gwoup la
    • Paske ou temwen yon krim
  • Diskriminasyon oswa agresyon poutèt relijyon ou, opinyon politik ou, nasyonalite ou oswa etni ou
  • Vyolans fizik oswa seksyèl poutèt idantite seksyèl ou oswa oryantasyon seksyèl ou (moun LGBTIQ)
  • Vyolans nan fanmi (konjwen, ansyen konjwen, manm fanmi)
  • Pèdi kay, tè oswa byen
  • Fòse w fè pwostitisyon oswa marye kont volonte w
  • Konfli ame oswa vyolans grav nan kominote w

ℹ️ Kiyès ki ka ede w nan Meksik?

  • COMAR: Komisyon Meksiken pou Ede Refijye (trete demann refijye yo)
  • ACNUR: Si ou se yon refijye, panse ou ka refijye oswa bezwen enfòmasyon, kontakte ACNUR nenpòt kote nan Meksik:

📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718

📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950

📧 Oswa sou imel sa a: [email protected]

Ou ka antre sou paj Facebook El Jaguar pou w kapab jwenn enfòmasyon epi pou yo ka reponn kesyon ou yo.