Ki sa nou ka konsidere kòm vyolans nan yon koup?

Malerezman, vyolans sou fanm se yon bagay ki kontinye rive trè souvan. Pami fòm vyolans yo plis fè sou medam yo, gen vyolans fizik ak vyolans seksyèl, e anpil fwa vyolans sa yo se mennaj oswa mari fi a, oswa yon ansyen mennaj, yon ansyen mari, ki fè yo. Yo rele vyolans sa a “vyolans domestik” tou. Nan relasyon koup yo, yo fè anpil vyolans sikolojik oswa vyolans emosyonèl tou, epi li ka difisil pou moun wè sa.

Li ka difisil pou medam ki nan yon relasyon ki gen vyolans konprann yo viktim yon kalite trètman ki pa akseptab: se ka akoz chagren, paske yo vin abitye ak relasyon an, oubyen pafwa, paske yo pè. Men kèk egzanp vyolans domestik oswa vyolans nan koup fanm konn viktim:

  • Mennaj oswa mari a ap joure yo oswa ofanse yo san rete
  • Y ap kontwole kò yo – ki lè oswa ki sa pou yo manje, ki lè pou yo ale nan twalèt ou pa
  • Y ap kontwole soti yo – kote pou yo ale ou non, kenbe yo fèmen anndan kay
  • Y ap kontwole kontak yo genyen ak zanmi ak fanmi yo
  • Y ap kontwole fason yo fè lajan, oswa posiblite yo gen pou yo travay poukont yo
  • Ba yo kalòt, oswa yo frape yo nan figi
  • Voye bagay dèyè yo
  • Pouse yo oswa yo rale yo nan cheve
  • Ba yo kout pwen oswa kout nenpòt bagay
  • Ba yo kout pye, trennen yo
  • Toufe yo nan gagann
  • Fè espre yo boule yo
  • Menase yo ak revòlvè, kouto, oswa lòt zam; itilize nenpòt nan zam sa yo kont fi a
  • Fòse yo fè sèks san yo pa dakò
  • Fè sèks paske yo pè sa mennaj oswa mari yo ka fè
  • Fòse yo fè yon zak seksyèl yo konsidere ki degradan oswa ki imilyan

Anplis de domaj fizik ak emosyonèl fanm yo sibi, vyolans lan afekte anviwònman fanmi an tou ak byennèt pitit fi ak pitit gason yo. Lè timoun yo ak jèn yo temwen zak vyolans, sa ka afekte tou, epi yo ka viktim menm zak sa yo.

Gen plizyè òganizasyon ki bay konsèy sikolojik e menm konsèy jiridik pou fanm k ap soufri akoz vyolans domestik e ki vle soti ladan l.

Si w konnen yon moun y ap fè vyolans sou li, kontakte ACNUR pou yo ka ba w enfòmasyon sou òganizasyon sa yo:

Tel. 800 226 8769

WhatsApp: +52 55 7005 5950

Vyolans sou fanm pa yon bagay ki natirèl. Vin jwenn nou pou w mete yon fen nan sa!