Sonje: Tout sèvis UNHCR yo ak aktivite li yo toujou gratis.
A okenn moman yo pap mande w peye pou okenn nan sèvis founi pa UNHCR oswa nenpòt nan patnè li yo. Tanpri, fè atansyon ak konpòtman ki gen pou wè ak fwod e piga ou kwè moun ki di w yo ka ede w ak anrejistreman, re-enstalasyon etc. si ou peye yo.
Si ou ta renmen repòte yon ka move konduit, eksplwatasyon seksyèl, abi, oswa tizonnay pa yon staf UNHCR oubyen yon lòt travayè imanitè, tanpri ekri nou yon email tousuit nan [email protected].
Tanpri note ke rapò ou a ap rete pi konfidansyèl ke posib, n ap toujou pran sekirite ou ak byennèt ou an konsiderasyon, e ou gen dwa pou ou mande pou plent sa a rete san non. Si ou ta prefere repòte dirèkteman bay biwo Enspektè General la, ou ka ekri yon email nan [email protected].