Rapòte Move Konduit, Fwòd, Eksplwatasyon Seksyèl ak Abi

Sonje: Tout sèvis UNHCR yo ak aktivite li yo toujou gratis.
A okenn moman yo pap mande w peye pou okenn nan sèvis founi pa UNHCR oswa nenpòt nan patnè li yo. Tanpri, fè atansyon ak konpòtman ki gen pou wè ak fwod e piga ou kwè moun ki di w yo ka ede w ak anrejistreman, re-enstalasyon etc. si ou peye yo.

UNHCR pran yon apwòch ZERO TOLERANS pou pwoblèm move konduit, fwod, eksplwatasyon seksyèl ak abi. Gade pi ba a pou plis enfòmasyon, tankou rapò konfidansyèl ensidan yo.

Enpòtan:

  • Tanpri note ke depoze yon plent pa pral gen okenn enpak sou dosye ou a nan UNHCR.
  • Plent yo ka fèt san ou pa bay non w.
  • Nan plent ou a, tanpri rapòte tout sa ki pase yo ak prèv ou genyen yo.
  • Rapò ou a ak tout enfòmasyon ou bay UNHCR ap rete estrikteman konfidansyèl.

Kisa ki yon Move Konduit?

Nasyonzini defini yon move konduit kòm “tout mankman yon staf anvè devwa li yo ki anba Stati Nasyonzini, Règleman ak Prensip pou Staf yo, oswa lòt dokiman administratif, oswa pou obsève estanda konduit ke yo atann de yon fonksyonè sivil entènasyonal”.

Move konduit posib yo ka enkli:

  • Eksplwatasyon seksyèl ak abi seksyèl sou moun ke n ap sèvi yo.
  • Fwod (sa vle di falsifye dokiman)
  • Kòripsyon (sa vle di pran lajan nan men refijye yo ak lòt moun)
  • Vòl ak detounman (sa vle di vòlè materyèl ak lajan).
  • Tizonnay nan milye travay (sa vle di trete staf yo yon fason de grenn gòch)
  • Tizonnay seksyèl (sa vle di konpòtman seksyèl ki mal plase).
  • Abi otorite (sa vle di fè favoritis ak diskriminasyon sou staf).
  • Atak oswa menas sou lòt moun.
  • Move itilizasyon de byen UNHCR yo.
  • Vyole prensip konfidansyalite a.
  • Aksyon oswa konpòtman ki ta kapab avili UNHCR.
  • Manke respè pou lwa lokal yo.
  • Konfli enterè.
  • Abize privilèj ak iminite yo.
  • Neglijans ki egzajere.
  • Aktivite nan deyò travay la ki pa otorize oswa yon travay a kote.

Ki jan yo rapòte move konduit?

Tout pwoblèm move konduit yo ka rapòte dirèkteman nan Biwo Enspektè Jeneral la (IGO) nan Jenèv pa:

Tout rapò sou move konduit yo rete anonim epi konfidansyèl.

Kisa ki yon Fwod?

Fwod se tout aksyon ki fèt nan entansyon pou twonpe yon lòt pou tire yon benefis de sa.

 Tout sèvis UNHCR gratis!

Piga ou fè okenn moun oswa òganizasyon konfyans si yo mande ou peye pou sèvis UNHCR oswa patnè li yo. Si yo ta mande w lajan oubyen nenpòt lòt favè, san retire sa ki sou fòm sekyèl, ou dwe rapòte sa bay UNHCR ak/oswa nan pwochen pòs polis la san pèdi tan.

Ou dwe konnen ke tout sèvis UNHCR yo ofri w pou lajan se fwod. Pou vrè enfòmasyon sou travay ak sèvis UNHCR yo, tanpri konsilte sit Sipò UNHCR yo.

Ki jan yo rapòte fwod?

Ou ka rapòte tout pwoblèm fwod nan biwo lokal UNHCR nan [email protected].

Moun k ap chèche azil ak refijye yo gen opsyon pou yo rapòte Fwòd dirèkteman nan Biwo Enspektè Jeneral la (IGO) nan Jenèv nan:

Tout plent Fwòd yo rete anonim epi konfidansyèl.

Kisa ki eksplwatasyon ak abi seksyèl?

Kisa ki eksplwatasyon seksyèl? Se yon abi reyèl oubyen yon tantativ pou abize de yon pozisyon vilnerabilite yon lòt, de pouvwa dominan sou li, oubyen de konfyans yon lòt fè ou nan yon bi seksyèl.

Kisa ki yon abi seksyèl? Se yon aksyon seksyèl reyèl oubyen yon menas aksyon seksyèl ki fèt pa lafòs oubyen nan yon kondisyon ki pa egal pou tou de moun yo, oubyen ki fòse.

Nan konfòmite ak estanda konduit Nasyonzini yo, manm staf UNHCR yo ak ONG ki patnè li yo pa dwe:

  • Gen rapò seksyèl ak pèsonn pou lajan, pou travay, pou tretman paspouki, pou byen oswa sèvis yo,
  • Gen rapò seksyèl ak pèsonn ki gen pi piti ke 18 an,
  • Antre nan okenn fòm konpòtman ki imilye moun seksyèlman, ki degradan oswa ki eksplwate moun.

Si ou temwen, ou boulvèse oswa sispèk yon ka posib eksplwatasyon seksyèl oswa abi pa yon manm staf UNHCR, Nasyonzini, oswa ONG, ou kapab rapòte nenpòt vyolasyon bay UNHCR nan tout konfidansyalite.

Kijan pou rapòte eksplwatasyon ak abi seksyèl?

Tout pwoblèm eksplwatasyon ak abi seksyèl yo ka rapòte dirèkteman nan Biwo Enspektè Jeneral la (IGO) nan Jenèv nan:

Rapò ou a ap trete ak diskresyon e l ap rete estrikteman konfidansyèl.


Pou plis enfòmasyon:

Konsilte tou: